Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan !?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon tibebe ki fenk fèt?

DEVLOPMAN SIVEYANS

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
    • Gen peryòd vijilans
    • Gade epi etidye paran an 
    • Gade pran an nan je
    • Li kalme li lѐ ou kenbe I
  • LANGAJ VEBAL
    • Kominike malѐ nan kriye
    • Ekspresyan vizaj yo
    • Mouvman kò yo
    • Deplase/trankil lè li tande vwa paran
  • DEPLASMAN BRIT/MOTRISITE BRIT
    • Deplase akòz estimilasyon vizyè/oditif
  • DEPLASE BRA/ JANM LI SOU REFLЀKS MOTORISITE FIN/
    • Kenbe men li nan pwe li
    • Kenbe dwè lòt moun

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA 
    • Kòmansman
  • MEZI
    • Langè/Wotè
    • Pwa
    • Sikonferans tet lo
    • Pwa pou longè a
    • Preyon san an
  • PWOSEDI
    • San tibebe fèk fèt la
    • Bilirubin tibebe a
    • Defo kritik konjenital kè a
  • TES SANS YO
    • Vizyon
    • Tande

Vaksinasyon

  • 1E DÒZ 
    • Epatit B (HepB)

1. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
2. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa //pediatrics.aappublications.org/content/137/1/e20153597
3. Konfime ke premye tès la fini, verifye rezilta yo, epi fè swivi, jan sa mande sa. //pediatrics.aappublications.org/content/120/4/898.full
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante.                //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longè limit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Konfime ke premye tès la fini, verifye rezilta yo, epi fè swivi, jan sa mande sa. //genes-r-us.uthscsa.edu/home
7. Konfime ke premye tès la fini, verifye rezilta yo, epi fè swivi, jan sa mande sa. Gade “Hyperbilirubinemia nan tibebe ki fenk fèt  ≥35 semèn jestasyon: //pediatrics.aappublications.org/ content/124/4/1193
8. Tès pou gwo maladi konjenital nan kè, kote yo sèvi avèk batman oksimetri ta dwe fèt pou tibebe ki fenk fèt, 24 èdtan aprè yo fin fèt, anvan egzeyat nan lopital la. // pedyatri. aappublications.org/content/129/1/190.full
9. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.

Gid antisipasyon pou tibebe ki fenk fèt

Detèminan Sosyal pou Lasante 

◊ Risk Yo (Kondisyon Lavi Ak Sekirite Alimantè, Ekspozisyon Ak Tabak Nan Anviwonman, Vyolans Sou Patnè Entim, Dwòg Matènèl Ak Abi Nan Alkòl) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo(Sipò Fanmi, Relasyon Paran Ak Tibebe Ki Fenk Fèt La)

  • Pale m sou kondisyon w’ap viv. Ki resous ou genyen pou pran swen ti bebe a? 
  • Ajans kominotè yo ka ede nan bagay ki gen rapò ak kondisyon w’ap viv.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
    • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize alkòl/dwòg/tabak/sigarèt elektronik. Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou w ka kite fimen.
  • Èske ou toujou santi ou an sekirite lakay ou? Èske patnè ou a janm frape w, choute w, pouse w, osinon blese w fizikman? Èske ou ta renmen konnen ki kote ou ka ale osinon kiyès moun pou kontakte sizoka ou ta bezwen èd?
    • Mande èd sizoka ou gen kesyon osinon patnè w la osinon nenpòt moun enpòtan nan vi w ta fè vyolans sou ou.
    • Ou kapab rele gratis tou nan nimewo biwo Nasyonal Vyolans Domestik  ki se 800-799-SAFE (7233)
  • Eske w gen yon moun ki ka ede pran swen tibebe ou a?
    • Aksepte èd nan men zanmi ak fanmi ou
  • Sante ak byennèt Paran ak fanmi an
    • Sante ak Nitrisyon matènèl, kay tranzisyon (asistans apre egzeyat), relasyon frè ak sè.
    • Kontak fizik (tankou kenbe, pote, bèse) ede tibebe a santi li alèz.
  • Kontinye pran ti vitamin prenatal ou ak fè.
  • Aksepte moun ede w lè w rive lakay ou. Sa ap ede w refè nan akouchman an epi fokis sou tibebe a.
  • Pase tan avèk lòt timoun yo; ede yo abitye tèt yo ak tibebe.

Kòpòtman ak Swen pou tibebe ki fenk fèt 

◊ Kapasite Timoun Piti ◊ Swen Pou Tibebe (Founiti Pou Timoun Piti, Swen Pou Pò Ak Kòd) ◊ Prevansyon Maladi ◊ Kalme Tibebe W La 

  • Tibebe a komanse konnen w. Aprann tanperaman ak reyaksyon tibebe a.
  • Kreye routin okipasyon; kontak fizik ak pale ede tibebe santi l an sekirite e aprann.
  • Sèvi ak savon/losyon sanzodè; evite poud yo ; evite solèy dirèk ;
  • Chanje kouchèt souvan pou evite enflamasyon po ak kouchèt.
  • Swen Kòd: seche nan ti lè pou kenbe kouchèt anba nonbrit li; ou ka rele l move zodè, roujat, likid ki soti nan zòn sa.
  • Lave men w souvan
  • Evite lòt moun ki gen grip/rim
  • Pa janm frape osinon souke tibebe a
    • Kisa w fè pou kalme tibebe w la?Kisa w fè si sa pa mache?

Nitrisyon ak Bay manje

◊ Gid Jeneral Sou Bay Manje ◊ Gid Pou Bay Bay Tete ◊ Gid Bay Manje Ak Fòmil 

  • Bay tete sèlman pandan anviwon 6 premye mwa yo bay bonjan nitrisyon
    • Sipòte kwasans ak devlopman nòmal
    • Fòmil ak fè-fòtifye se yon bon ranplasan
    • Rekonèt siy grangou ak vant plen
    • Devlope routin bay manje
    • Pwa nòmal la se 6 rive 8 kouchèt mouye chak jou
  • Adequate weight gain is 6 to 8 wet diapers a day
  • Pa bay likid anplis.
  • Si w ap bay tete
    • Bay 8 rive 12 manje nan 24è; LI pa dwe blese, kontinye vitamin prenatal la ; evite alkòl.
  • Si wap manje ak Fòmil’
    • Prepare/stoke fòmil yo byen; bay manje nan ke, omwen 8 fwa nan 24 èdtan; kenbe tibebe a mwatye anlè;pa kenbe boutèy la.

Sekirite

◊ Chèz Sekirite Machin Yo ◊ Prevansyon Kont Kout Chalè ◊ Bon Somèy ◊ Zannimo Domestik Yo ◊ Sekerite Nan Anviwonman Kay 

  • Chèz Machin
    • Itilize chèz sekirite machin ki fè fas ak chèz dèyè a
    • Pa janm mete tibebe nan chèz devan machin avèk valiz van
    • Kenbe tibebe a nan chèz sekirite machin nan toutan pandan vwayaj
  • Toujou sèvi ak senti sekirite; Pa janm vwayaje kondi sooou enfliyans alkòl osinon dwòg
  • Anpeche kout chalè; pa janm kite tibebe pou kont li nan yon machin;
  • Mete tibebe dòmi sou do; chwazi  yon bèso ak planch ki mwen pase 21/s” de  diferans.
  • Aprann tout bagay sou risk zannimo domestik yo.
  • Ki chanjman ou te pote lakay ou ki garanti sekirite tibebe w la ?
    • Kay ou dwe yon kote an sekirite pou tibebe

Objektif evalyasyon Tibebe fenk fÈt

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment