Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?
Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè
Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.
Tès Depistaj
– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.
– Vizyon
Lè yon timoun gen pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.
– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li
– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri
Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.
Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.
Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.
Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.
Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon Tibebe 3 A 5 JOU?
DEVLOPMAN SIVEYANS
- LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
- Peryòd vijilans pou bay manje
- LANGAJ VEBAL
- Kriye lѐ li li pa alez
- Trankil lѐ li tande vwa
- granmoun Calms to adult voice
- MOUVMAN BRIT/MOTRISITE BRIT
- Leve tѐ tli yan ti tan
- Vire sou yan lòt bo
- Deplase bra/janm li sou reflѐks
- MOTRISITE FIN
- Kenbe men li nan pwen li
EGZAMEN FIZIK
- ISTWA
- Kònabsman/Entѐval
- MEZI
- Longѐ/Wotѐ
- Pwa
- SIkonferans tѐt la
- pwa pou longѐ a
- TÈS SANS YO
- Vizion
- Tande
- 3-5 jou ?? 2 Mwa
- PWOSEDI
- Presyon san tibebe a
- 3-5 days ?? 2 Mwa
- Bilirubin tibebe a
- Defo kritik konjenital kѐ a
VAKSINASYON
- PA OBLIGATWA
1. Kontwòl tansyon pou tibebe ak timoun ki gen kondisyon espesifik risk yo ta dwe fèt nan vizits jiska twazan (3) //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904|
2. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa //pediatrics.aappublications.org/content/137/1/e20153597
3. Verifye rezilta yo san pèdi tan, epi fè swivi jan sa mande.
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longèimit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
Gid antisipasyon pou tibebe 3 A 5 JOU
Detèminan social pou lasante
◊ Risk Yo(Sitiyasyon Kondisyon Lavi Ak Sekirite Alimantè, Lè Ekspozisyon Ak Tabak Nan Anviwonman) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo ( Sipò Fanmi Yo)
- Pale m sou kondisyon w’ap viv. Ki resous ou genyen pou pran swen ti bebe a?
- Ajans kominotè yo ka ede nan bagay ki gen rapò ak kondisyon w’ap viv.
- Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
- Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konsènan kondisyon manje ou.
- Pa itilize tabak/ sigaret elektronik. Pa kite lafimen tabak ak sigaret elektronik nan machin ou oubyen nan kay ou.
- Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou ede ou kite fimen.
- Mande èd epi aksepte èd nan men fanimi ou ak zanmi ou.
Lasante ak byenèt paran ak fanmi yo
◊ Ale Nan Yon Lot Kay ◊ Adaptasyon Pou Timoun Yo
- Mande èd nan men fanmi oubyen zanmi ou
- Repoze w epi domi lè ti bebe an domi
- Pase tan ak lòt timoun yo; kenbe menm abitid yo ak fanmi an pou ou ka ede yo pran swen bebe an.
Konpòtman ak swen pou ti bebe an
◊ Premye Devlopman Lespri ◊ Adaptasyon Nan Kay La ◊ Kalme ◊ Kilè Pou Rele (Pran Tanperati A) ◊ Preparasyon Pou Ijans (CPR) ◊ Prevansyon Kont Malady (Lave Men, Aktivite Deyò) ◊ Kout Solèy
- Chante/ pale/ fè lekti pou ti bebe an; evite televizyon ak lòt media nimerik
- Ede ti bebe an leve lè pou w ba li manje padan wap bat do l/ chanje kouchèt li/ dezabiye l
- Kalme ti bebe an pandan wap karese tèt li oubyen souke li dousman.
- Kisa ou fè pou w ka kalme ti bebe an? Kisa ou fè si sa pa ta mache?
- Pa janm frape oubyen souke ti bebe an fò.
- Ki jan de tèmomèt ou genyen? Eske ou konn kijan pou w itilize l?
- Pran tanperati a nan dèyè timoun, pa nan zorèy li oubyen sou po li.
- Kreye yon plan pou w preparew pou ijans (kit premye swen, list nimero telefòn).
- Lave men ou souvan; evite foul yo.
- Evite kote ki gen solèy; itilize ekran pou pwoteje timoun kont solèy
Nitrisyon ak manje
◊ Gid Jeneral Sou Kijan Pou Bay Manje (Pwa Anplis, Strateji Pou Bay Manje, Kijan Pou Kenbe, Gragou Epi Satisfaksyon) ◊ Gid Kijan Yo Bay Timoun Tete ◊ Gid Sou Resèt Manje Pou Bebe A
- Kijan w fè konnen lè ti bebe an grangou? Kijan w fè konnen lè ti bebe an manje ase?
- Bay ti bebe an tete sèlman pou anviwon 6 premye mwa yo pèmèt li genyen nitrisyon ideal la
- Sipòte poi bon bon kwasans ak devlopman
- Nou rekòmande pou ou pa kouri bay tibebe a manje ki gen anpil fè
- Chèchè konnen siy kote ti bebe an grangou ak li vant li plen
- Devlope yon abitid pou w ba l manje
- Pwa anplis nòmal varye de 6 a 8 kouchèt pa jou oubyen 5 a 6 diaper ke yo konn jete yo, li ka fè tata3 a 4 fwa pa jou; pa bali okenn lot likid.
- Si wap bay tibebe an tete: Koman sa ap mache? Ki pwoblèm ou genyen lè wap bay tibebe an tete ?
- Bali tet chak 1 a 3 zè de tan pandan jounen an
- Chak 3 zè de tan nan nuit pou 8 a 12 manje nan 24 èd tan
- Kòmanse bay tibebe an vitamin D (400 IU pa jou)
- Manman yo dwe kontinye ap pran vitamin prenatal yo avèk fè; genyen yon bon rejim alimentè ( legim/ fwi/ sereal/manje ki pa gen anpil grès oubyen sa ki pa gen ditou/ pwason/ pa twòp protein)
- Si wap prepare manje ak resèt:
- Prepare/ konseve reset la byen
- Ba li 2 oz chak 2 a 3 zè de tan, bali plis si li ta toujou grangou
- Pa twò kenben ti bebe an dwat; pa peze bibon an
Sekirite
◊ Syèj De Sekirite Nan Machin ◊ Prevansyon Kont Twòp Chalè ◊ Domi An Sekirite/ Pè ◊ Bèt Domestic ◊ Anviwonman Sen Nan Kay
- Sièj nan machin
- Itilize sièj de sekirite ki bay fas a chèz dèyè nan machin nan.
- Pa janm mete ti bebe an nan sièj avan nan yon machin ki gen air bag pou pasaje
- Kite tibebe a nan sièj de sekirite machin nan pandan tout dire vwayaj la.
- Toujou itilize senti de sekirite sièj lan; pa kondi si ou bwè oubyen pran dwòg.
- Anpeche kout chalè; pa janm kite tibebe a pou kont li nan yon machin.
- Mete ti bebe a domi sou do; chwazi yon bèso ak planch ki mwen pase 2 ¾ de diferans.
- Pa bwè lkid ki cho lè wap pote tibebe an; Mete tanperati dlo pou kay la a mwen ke 120°F
Objektif pou konsiltasyon Tibebe 3 A 5 JOU
◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine pi plis ◌ Mande èd ◌ Chwazi jou pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.