Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan !?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon tibebe 1 MWA?

 DEVLOPMAN  SIVEYANS

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
    • Gade paran an
    • Swiv paran ak ji li
    • Mete men li na bouch li
    • Li vin rechinya lѐ li annwiye
    • Trankil lѐ ou pote li
    • Gade objѐ yo pou yon tin tan
  • LAGAJ VÈBAL
    • Ti son vwayèl kout
    • Avètisman pou son inatandi
    • Trankil oswa vire tande vwa paran yo
    • Sansiba a anvi wonman
    • Kri diferan grangou/fatig
  • DEPLASMAN BRIT/MOTRISITE BRIT
    • Balanse tout bra/janm li ansanm
    • Kenbe manton li sou lestomak li
  • MOTRISITE FIN
    • Louvri dwèt li dousman

SANTE KONPÒTMANTAL

  • Evalyasyon/kònpotmantal
  • Matѐnèl
  • Tѐs pou Depreyson

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Entѐval
  • MEZI
    • Longè/Wotè
    • Pwa
    • Sikonferans tèt la
    • Pwa pou longè a
    • Presyan san*
  • TЀS SANS YO
    • ViZion*
    • Tande
    • 3-5 days –?? 1 Month – 2 Month
  • PWOSEDI
    • Presyon san tibebe
    • 3-5 days??1 Month – 2 Month
    • Bilirubin tibebe a
    • Defo kritik konjenital kè a
    • Tibèkiloz*

Vaksinasyon

  • 2E DÒZ 
    • Epatit B (HepB)

1. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
2. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa //pediatrics.aappublications.org/content/137/1/e20153597
3. Verifye rezilta yo san pèdi tan, epi fè swivi jan sa mande.
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Tès yo dwe fèt selon //pediatrics.aappublications.org/content/126/5/1032
6. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longè limit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
7. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
8. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.

Gid antisipasyon pou 1 MWA

Detèminan social pou lasante

◊ Risk Yo (Kondisyon Lavi Epi Sekirite Alimantè, Efè Tabak Sou Anviwonman An,Imidite Ak Moul, Radon, Pestisid, Vyolans Parantal, Maman Ki Bwè Alkòl E Ki Pran Lòt Sibstans) ◊ Fòs Ak  Faktè  Yo ( Sipò Pou Fanmi Yo)

  • Pale m sou kondisyon w’ap viv. Eske ou gen tout bagay ou bezwen pou tibebe an? Eske ou enkyetew deske ou pa gen ase lajan pou achete manje oubyen preparasyon ki fèt pou nourison?
    • Ajans kominotè yo ka ede nan bagay ki gen rapò ak kondisyon w’ap viv.
  • Pa itilize tabak/ sigaret elektronik. Pa kite lafimen tabak ak sigaret elektronik nan machin ou oubyen nan kay ou.
    • Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou ede ou pa fimen ankò.
  • Verifyer si kay la gen moul, radon; evite itilize pestisid.
  • Eske ou toujou santi w an sekirite lakay ou?  Eske mariw pa janm frape, choute, oubyen pouse w, oubyen blese ou oubyen tibebe a? Eske ou ta renmen gen infòmasyon sou kibò pou w ale oubyen kiyès pou kontakte si ou ta gen bezwen èd pou sa?
    • Mande èd si ou konn sibi vyolans de mari w oubyen yon lot moun ki enpòtan nan vi w.
  • Ou ka rele biwo Nasyonal Vyolans Domestik la nan nimewo sa tou: 800 -799-SAFE (7233).
  • Pa konsome alkòl/ dwòg.
  • Mande pou resous kominotè pou pran ka timoun

Lasante ak byenèt paran ak fanmi yo

◊ Checkup Lè Ou Fin Fè Pitit ◊ Depresyon Matènèl ◊ Relasyon Nan Fanmi 

  • Lè ou jwenn bon jan swen pou timoun yo, sa ka ede w santiw konfidan lè wap sot nan travay. Mwen ka ba ou enfòmasyon ak resous nesesè.
  • Fòk ou genyen checkup lè ou fin fè pitit la
  • Nan 2 denyè semen sa yo, eske te santi w lage, deprime, oubyen san zepwa? Nan 2 denyè semen sa yo, eske te jwenn yon ti enterè oubyen plezi nan bagay ou tap fè yo?
  • Sa souvan rive ke ou santi Anksyete, depresyon aprè ou fin fè pitit
    • Pran plis tan pou dòmi/ pouf è egzèsis fisik epi manje bon manje ede.
    • Pale avèk mwen si ou santi bagay sa yo pou plis pase 2 jou
  • Kreye tan pou tèt ou

Konpòtman tibebe ak devlopman

◊ Somèy Ak Revèy ◊ Ajitasyon Ak Atachman ◊ Media ◊ Lè Pou Jwe ◊ Asistans Medikal Lakay Ou Lè Biwo Yo Femen

  • Mete tibebe a nan bèso lè li an evèy ak lè li gen domi pou fasilite tranzisyon; Kenbe tanperati chanm nan yon nivo konfòtab.
  • Ou ka ofri li tou yon sisèt
  • Kalme tibebe a pandan wap karese tèt li, oubyen souke li dousman.
  • Kisa ou fè pou w ka kalme ti bebe an? Kisa ou fè si sa pa ta mache?
    • Pa janm frape oubyen souke ti bebe an fò.
  • Evite televizyon epi lot aparèy media lè ou ak tibebe a.
  • Kòmanse bal manje lè li reveye.
  • Ki jan de tèmomèt ou genyen? Eske ou konn kijan pou w itilize l?
    • Pran tanperati a nan dèyè timoun, pa nan zorèy li oubyen sou po li.
  • Rele biwo a nenpòt lè si ou gen kesyon.
  • Lave men yo souvan.

Nitrisyon ak manje

◊ Plan Ak Chwa Pou Nitrisyon ◊ Gid Jeneral Sou Manje Bay ◊ Gid Sou Bay Tete ◊ Gid Sou Reset Manje Pou Nourison 

  • Kijan w fè konnen lè ti bebe an grangou? Kijan w fè konnen lè ti bebe an manje ase?
    • Bay ti bebe an tete sèlman pou anviwon 6 premye mwa yo pèmèt li genyen nitrisyon ideal la
    • Sipòt pou bon bon kwasans ak devlopman 
    • Li rekòmande pou ou pa kouri bay tibebe a manje ki gen anpil fè  
    • Chèchè konnen siy kote ti bebe an grangou ak li vant li plen
    • Asurew ke li pase 6 a 8 kouchèt pa jou oubyen 5 a 6 diaper ke yo konn jete yo, li ka fè tata 3 a 4 fwa pa jou; pa bali okenn lot likid.
    • Rote bebe an nan lè li konn pran ti poz deja
  • Si wap bay tibebe an tete: Koman sa ap mache? Ki pwoblèm ou genyen lè wap bay tibebe an tete?
    • Bali tet chak 1 a 3 zè de tan pandan jounen an
    • Chak 3 zè de tan nan nuit pou 8 a 12 manje nan 24 èd tan
    • Kòmanse bay tibebe an vitamin D (400 IU pa jou)
    • Manman yo dwe kontinye ap pran vitamin prenatal yo avèk fè; genyen yon bon rejim alimentè ( legim/ fwi/ sereal/manje ki pa gen anpil grès oubyen sa ki pa gen ditou/ pwason/ pa twòp protein)
  • Si wap prepare manje ak reset:
    • Prepare/ konseve reset la byen
    • Ba li 2 oz chak 2 a 3 zè de tan, bali plis si li ta toujou grangou
    • Pa twò kenben ti bebe an dwat; pa peze bibon an

Sekirite

◊ Sièj De Sekirite Nan Machin ◊ Prevansyon Kont Twòp Chalè ◊ Domi An Sekirite/ Pè ◊ Bèt Domestic ◊ Anviwonman Sen Nan Kay  

  • Sièj nan machin
    • Itilize sièj de sekirite ki bay fas a chèz dèyè nan machin nan.
    • Pa janm mete ti bebe an nan sièj avan nan yon machin ki gen air bag pou pasajè
    • Kite tibebe a nan sièj de sekirite machin nan pandan tout dire vwayaj la.
  • Toujou itilize senti de sekirite sièj lan; pa kondi si ou bwè oubyen pran dwòg.
  • Mete ti bebe a domi sou do; chwazi yon bèso ak planch ki mwen pase 2 ¾ de diferans; pa itlize bagay ki glise oubyen ki dous pou w fè kabann pou bebe an; mete bebe a dòmi nan chanm ou oubyen nan bèso li.
  • Kite men w sou ti bebe a lè wap chanje l diaper/ rad; kite braslè, jwèt avèk bouk, fil / kòd lwen de ti bebe a.
  • Aprann premye swen pou tibebe/ CPR; konnen nimero dijans yo; fè yon plan pou ka ijans yo.

Objektif pou verifye pou 1 mwa 

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann genyen  “ FOMO”◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment