Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon tibebe 4 AN?

TÉS DEVLOPMAN

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
    • Antre nan sal de ben epi mouvman
    • yo pou kont li
    • Bwose dan li
    • Abiye epi dezabiye san twop ѐd
    • Angaje li nan jwѐt imajinѐ ki byen develop
  • LAGAJ VÈBAL
    • Reponn kesyon tankou:
    • “Kisa wap fѐ lѐ ou gran”
    • “Kilѐ ou kon gen dòni ?”
    • Itilize fraz ki gen 4 mo
    • Pale ek mo ke entranje ka kon prann a 100%
    • Desine desen ke moun konnen
    • Swiv rѐg senp lѐ lap jwe jwѐt plato yo/kat
    • Rakonte paran yon istwa ki soti nan yon liv
  • MOTRISITE GLOBAL
    • Sote sou yon pye
    • Monte sou chѐz,altenѐ pye san sipò
  • MOTRISITE FIN
    • Desine yon moun ki gen omwen 3 pati nan kò li
    • Desine kwa ki senp 
    • Deboutonnen oubyen boutonnen bouton
    • gwosѐ mwayen
    • Sezi kreyon ak pous li/dwѐt li olye men

EVALYSYON KONPÒTMAN

  • TES DEVLOPAN
  • SIKOSOSYAL

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Entѐval
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak pwa
    • Sikonferans tèt la
    • Pwa pou longè a
    • Presyan san*
  • TЀS SANS YO
    • 3Vizyon*
    • Tande*
  • 11SANTE ORAL*
    • 11Vèni Fluorid.
    • 6 Mwa ?? 5 Lane
    • 12Sipleman Fluorid*
  • 14 PWOSEDI YO
    • 9Anemi
    • Plon*
    • Tibѐkiloz
    • Dislipidemi

VAKSINASYON

  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU KEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Menengokòk( MenACWY-D≥9 mos)
    • MenACWY-CRM≥2mos
    • Epatit A (HepA)
    • Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik(PCV13)
    • Lawoujòl, malmouton, riibeyòl(MMR)
    • Varisèl (VAR)
    • Epatit B (HepB)
    • Difteri,tetanos, & Koklich aselile (DTaP:<7yrs)
    • Poliovirus inaktif (IPV:<18yrs)
    • Epatit A (HepA) B

1. Fè  tès dapre  //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa  anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longèimit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
7. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP: Règleman nan Akademi Ameriken pou Pedyatri (Iron chapit).
8. Pou timoun ki gen risk pou yo ekspoze ak plon, gade //pediatrics.aappublications.org/content/138/1/e20161493
9. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.
10. Gade //www.nhlbi.nih.gov/guidelines/cvd_ped/index.htm
11. Rekòmande bwose ak dantifris fliyò nan dòz apwopriye pou laj li. //pediatrics.aappublications.org/content/134/6/1224
12.Yon fwa dan yo prezan, nou ka aplike vèni fliyò pou tout timoun chak 3-6 mwa nan sèvis swen prensipal oswa biwo sèvis dantè nan //pediatrics.aappublications.org/content/134/3/626
13. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626
14. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.

Gid antisipasyon pou tibebe 4 AN

Detèminan soyal pou lasante

◊ Risk Yo (Kondisyon Lavi Ak Sekirite Alimantè; Tabak,Alkòl, Ak Dwòg; Vyolans Konjigal; Sekirite Nan Kominote A) ◊Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo(Angajman Na Kominote An)

  • Pale m sou kondisyon w’ap viv. Eske ou gen bagay ou bezwen pou pran swen timoun nan ?
    • Ajans kominote yo kapab ede w ak pwoblèm ou genyen sou kijan wap viv lan.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis? Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
    • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konsènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize tabak/ sigaret elektronik.Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou ede ou pa fimen ankò.
  • Eske w santi w an sekirite lakay ou? Eske patnè w lan konn frape, choute oubyen pouse w,  oubyen blese kò ou oubyen timoun nan? Eske ou ta renmen gen enfòmasyion sou kibò oubyen kiyès pou w kontakte si ou ta bezwen èd?
    • Mande èd sizoka ou gen kesyon osinon patnè w la osinon nenpòt moun enpòtan nan vi w ta fè vyolans sou ou.
  • Ou kapab rele gratis tou nan nimewo biwo Nasyonal Vyolans Domestik ki se 800-799-SAFE (7233)
  • Anseye pitit ou a a prensip pou li ka an sekirite ak granmooun; (1) okenn granmoun pa dwe di timoun nan pou li kenbe sekrè pou paran li yo; (2) okenn granmoun pa gen dwa eksprime enterè l pou pati prive timoun nan; (3) okenn granmoun pa gen dwa mande timoun nan pou li ede l avèk pati entim li yo.
  • Nan ki jan de aktivite ou konn patisipe andeyò de lakay la? Ki èd ou bezwen pou w jwenn lòt resous kominòtè tankou group ki baze sou lafwa, sant rekreyasyon oubyen opòtinite pou fè benevola?
    • Kenbe oubyen patisipe plis nan aktivite kominotè yo.

Prè pou ale lekòl 

◊ Konprann Ak Pale Lang Lan Avèk Fasilite ◊ Santiman ◊ Opòtinite Pou Sosyalize Ak Lòt Timoun ◊ Dispozisyon Pou Eksperyans Aprantisaj Ki Estriktire Pwogram Apratisaj Pou Timoun Piti Epi Lekòl Preskolè

  • Kijan timoun ou nan kominike sa li bezwen e sa li konnen?
    • Bay timoun nan tan pou li fini fraz li yo; ankouraje aptitid pou l pale pandan wap fè li fè lekti/ pale ansanm ak li. Fòk repons yo toujou kout e senp.
  • Fè lekti ansanm chak jou; mande timoun nan kesyon sou istwa yo.
  • Timoun yo sansib anpil, sa vle di li fasil pou li santi l ankouraje oubyen blese; Ba li bon jan egzanp daprè konpòteman ki montre respè epi mande eskiz siw fè erè/fot; felisite l lè li montre ke li sansib ak santiman lòt moun. 
  • Kijan ou evalye enterè timoun ou an pou lòt timoun parèy li? Kijan ou evalye konfyans sosyal ak emosyonèl li?
    •  Kreye opòtinite pou timoun ou an pou li jwe ak lòt timoun.
  • Kijan ou evalye jwa ou avèk aranjman oubyen swen pou timoun nan lekòl preskolè a? Nan pifò jou, eske ou wèl sanble kontan pou l ale?
    • Vizite lekòl prekolè/ pwogram swen pou timoun pitit ou an; Fè yon jan pou ou pi enplike aktivman; pale ak timoun nan sou sa lap aprann yo.

Devlope bon jan kalite nitrisyon ak abitid pèsonèl 

◊ Dlo Lèt Epi Ji Bon Jan Kalite Manje Abitid Chak Jou Pou Lasante 

  • Toujou gen dlo ki fre ki disponib
  • Ba li chak jou 16 rive 24 oz lèt ki gen yon ti kal grès oubyen ki pa gen ditou.
  • Ji pa yon bwason ki nesesè. Si ou chwazi ba li ji, pa ba li plis ke 4 oz chak jou epi toujou ba li l avèk manje.
  • Ba li plizyè kalite bon jan manje/ ti goute ki bon pou lasante, sitou legim, fwi, ak fèb pwoteyin.
  • Fè timoun nan konfyans pou li deside valè manje li ap manje.
  • Kreye bon ti tan kalm pou li dòmi; manje san ke nou pap gade tele nan moman an; asirew ke timoun nan bwose dan li 2 fwa pa jou ak yon ti kal pat dantifris ki gen fluore ki menm gwosè yon grenn pwa. 

Itilizasyon medya yo 

◊ Limite Tan Itilizayon Yo ◊ Ankouraje Aktivite Epi Jwe An Sekirite 

  • Ki aparèy eletronik epi aparèy nimerik ke timoun ou an itilize (pa egzanp, aparèy yo kenbe nan men, jwèt video, ti jwèt elektronik, televizyon, òdinatè)?
    • Limite tan pou televizyon, ak lòt aparèy elektronik pa plis pase 1 nè pa jou; siveye kisa timoun nan ap gade; konsidere pou w ta fè yon plan sou lè pou li itilize medya yo. (www.healthychildren.org/MediaUsePlan).
  • Kreye opòtinite pou li jwe chak jou;toujou fè aktivite fizik ansanm ak fanmi an

Sekirite 

◊ Syèj ◊ Sekirite Deyò Kay La ◊ Sekirite Pou Dlo ◊ Pwoteksyon Kont Solèy ◊ Bèt Domestic ◊ Sekirite Pou Zam 

  • Ki kote ou chita lè ou monte nan machin nan? Eske ou gen kote espesyal pou w chita ?
    • Kontinye itilize yon syèj ki gen yon gwosè nòmal e ki bay fas devan ki enstale nan syèj ki dèyè machin nan.
  • Sipèvize tout jwèt timoun nan ap fè deyò kay la; pa janm kite timoun nan pou kont li; pa otorize l travèse lari pou kont li.
  • Asire w ke pisin natasyon yo genyen kloti; itilize kostim de ben; montre timoun nan kijan pou li naje.
  • Itilize chapo/ rad ki pou pwotejew kont solèy la, krèm solèy; evite fè twòp tan nan lè solèy la pi cho, ant 11 zè na maten a 3 zè na aprè midi.
  • Anseye timoun kòman li dwe pwoteje tèt li lè li bò kote bèt domestik yo.
  • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l. Mete minisyon nan yon lòt kote ki apa; si zam yo nan lòt kay kote timoun konn jwe, asire w ke yo itilize menm prekosyon pou sekirite anvan yo kite timoun jwe nan kay la.

Objektif pou konsiltasyon tibebe 4 AN

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment