Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon tibebe 3 ZAN?

TÉS DEVLOPMAN

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
    • Antre nan twalѐl epi pipi pou kont li
    • Metet rad, jakѐt oubyen mayo sou
    • Manje pou kont li
    • Angaje l nan jwѐt imajinѐ
    • Jwen an kowoperasyon epi pataje
  • LAGAJ VÈBAL
    • Itilize fraz ki gen 3 mo
    • Pale avk mo ke 75% entranje ka konprann
    • Rakontew yon istwa de yon liv oswa tele
    • konpararae bagay pandan lap itilize
    • “pi gwo” ak “pi piti”
    • Konprann prepozisyon ki senp
    • Tankou-Sou oubyen Anba
  • MOTRISITE GLOBAL
    • Pendale yon bekên a 3 wou
    • Monte sou oubyen desann kanape oubyen chѐz
    • Sote an anvan
  • MOTRISITE FIN
    • Desine yon sè wonn
    • Desine yon moun avèk yon tèt ak 1
    • lòt pati nan kò
    • Koupe ak sizo timoun

Evalyasyon konpòtman

  • TЀS KONPÒTMAN
  • SIKOSOYAL

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Entѐvall
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak pwa
    • Sikonferans tèt la
    • Pwa pou longè a
    • Presyan san*
  • TЀS SANS YO
    • 3Vizyon*
    • Tande*
  • 10 SANTE ORAL*
    • 11 Vèni Fluorid.
    • 6 Mwa ?? 5 Lane
    • 12Sipleman Fluorid*
  • PWOSEDI YO
    • 9Anemi
    • Plon*
    • Tibѐkiloz*

Vaksinasyon

  • 2E Dòz
    • Lawoujòl,malmouton, ribeyòl (MMR)
    • 4Lane ?? 6 Lane
    • Varisѐl(VAR)
    • 4Lane ?? 6 Lane
  • 4E Dòz
    • Poliovirus inaktif (IPV: <18 yrs)
    • 4Lane ?? 6 Lane
  • 5E Dòz
    • Difteri,tetanos, & Koklich aselilѐ(DTaP:<7yrs)
    • 4Lane ?? 6 Lane
  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU KEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Menengokòk( MenACWY-D≥9 mos;MenACWY-CRM≥2mos)
    • Epatit A (HepA)
    • Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik(PCV13)
    • Lawoujòl, malmouton, riibeyòl(MMR)
    • Epatit B (HepB)
    • Epatit A (HepA)

1. Fè  tès dapre  //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa  anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longèimit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.
7. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
8. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
9. Pou timoun ki gen risk pou yo ekspoze ak plon, gade //pediatrics.aappublications.org/content/138/1/e20161493

Gid antisipasyon pou tibebe 3 ZAN

Detèminan soyal pou lasante 

◊ Risk Yo (Kondisyon Lavi Ak Sekirite Alimantè; Tabak,Alkòl, Ak Dwòg) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo (Entèraksyon Ant Fanmi Ki Pozitif, Balans Nan Milye Travay)

  • Pale m sou kondisyon w’ap viv. Eske ou gen bagay ou bezwen pou pran swen timoun nan ?
    • Ajans kominote yo kapab edew ak pwoblèm ou genyen sou kijan wap viv lan.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis? Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
    • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konsènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize tabak/ sigaret elektronik. Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou ede w kite fimen.
  • Kiyès ki renmen w? Kijan w fè konnen?
    • Montre afeksyon nan fanmi an; jere kòlè w avèk pridans; bay timoun nan opòtinite pou li fè chwa pa li.
  • Pran tan pou pran swen tèt ou, ak patnè w; kreye opòtinite pou fanmi an ka pase tan avèk timoun nan.

Fè jwèt nt frè ak sè e ak lòt timoun

◊ Opòtinite pou jwe ak jwèt ki mande entèraksyon ◊ Relasyon timoun yo youn ak lòt

  • Dim ki jwèt timoun nan renmen jwe.
    • Ankouraje li jwe ak jwèt ki apwopriye epi pou li byen aprann; atann ak jwèt fantezi.
  • Ankouraje jwèt ki mande entèraksyon ak lòt timoun parèy li; ekzplike enpòtans lè se tou paw pou w jwe.
  • Ede timoun ou yo devlope bon jan relasyon youn ak lòt.

Ankouraje aktivite ki pèmèt timoun nan aprann yon bagay 

◊ Fè lekti ◊ Pale ◊ Chante ansanm ◊ Devlopman langaj

  • Li, chante, jwe jwèt rime ansanm; Kite timoun yo rakonte istwa; Kontinye ak pratik fè lekti an nenpòt kote ou ale.
  • Kjan timoun ou an di ou sa li vle? Kòman ou wè manm nan fanmi an konprann diskou li yo?
    • Ankouraje timoun nan pale de lòt zanmi li, eksperyans li fè.

Fè pwomosyon pou nitrisyon ak aktivite fizik ki bon pou lasante

◊ Dlo ◊ Lèt ◊ Ji ◊ Manje ki bon pou kò a ◊ Konpetans motris ◊ Limite nan pa fè anyen

  • Toujou gen dlo ki fre disponib.
  • Ba li  chak  jou 16 rive 24 oz lèt ki pa gen anpil grès/ lèt ki pa gen grès ditou
  • Ji pa yon bwason ki nesesè. Si ou chwazi pou ba li ji, limite l a 4 oz pa jou epi toujou ba li l ak  yon repa.
  • Ofri li yon varyete bon jan manje/ ti goute, espesyalman legim, fwi, pwoteyin pou mèg.
  • Fè timoun nan konfyans pou li deside valè manje li ap manje.
  • Ankouraje opòtinite pou aktivite fizik pou timoun nan, pou fanmi an.
  • Limite tan pou televizyon, ak lòt aparèy elektronik pa plis pase 1 èdtan pa jou; siveye kisa timoun nan ap gade; konsidere pou w ta fè yon plan sou lè pou li itilize medya yo. (www.healthychildren.org/MediaUsePlan).

Sekirite  

◊ Syèj sekirite nan machin ◊ Prevansyon kont chòk ◊ Sekirite pou pyeton yo ◊ Tonbe nan fènèt yo ◊ Sekirite pou dlo ◊ Animal domestik yo ◊ Sekirite pou zam 

  • Kontinye itilize kòrekteman syèj sekirite ki bay fas ak chèz dèyè a oubyen fas ak chèz devan nan machin nan avèk senti ki tache nan 5 pwen yo.Kite syèj sekirite a nan chèz dèyè a.  
  • Anpeche blese nan koupe manje an an plizyè ti mòso.
  • Sipèvize tout jwèt ki ap fèt bò laria/ nan antre pou machin yo; Pa otorize timoun nan travèse lari pou kont li.
  • Retire tout founiti bò fenèt yo; enstale gad fenèt ki fonksyone nòmalman.
  • Lè w bò dlo, benywa, pisin, ak twalèt, itilize sipèvizyon strik – fòk men w ka touché timoun nan.
  • Anseye timoun kòman li dwe pwoteje tèt li lè li bò kote bèt domestik yo.
  • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l. Mete minisyon nan yon lòt kote ki apa; si zam yo nan lòt kay kote timoun konn jwe, asire w ke yo itilize menm prekosyon pou sekirite anvan yo kite timoun jwe nan kay la.

Objektif pou konsiltasyon tibebe 3 ZAN:

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment