Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?
Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè
Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.
Tès Depistaj
– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.
– Vizyon
Lè yon timoun gen pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.
– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li
– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri
Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.
Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.
Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.
Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.
Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon timoun 5 AN?
SIVEYANS DEVLOPMAN
- Balanse sou yon pye;vole;sote
- Li kapab mare yon ne
- Desine yon moun ki gen 6 pati nan kò li
- Ekri kèk lèt/ chif
- Rekopye kare ak triyang
- Bon jan kapasaite pou atikile
- Konte jiska 10
- Bay non 4 koulè
- Swiv entriksyon ki senp
- Abiye ak ti kea èd
EGZAMEN FIZIK
- ISTWA
- Kòmansman
- MEZI
- Longè/Wotè ak Pwa
- Endèks mas kò a
- Presyon san
- TЀS SANS YO
- Vizyon*
- Tande*
- 11SANTE ORAL*
- Vèni Fluorid.
- 6 Mwa ?? 5 Lane
- Sipleman Fluorid*
- PWOSEDI YO
- Anemi
- Plon*
- Tibekiloz*
- Dislipidemi*
EVALYSYON KONPÒTMAN
- SIKOSOSYAL
Vaksinasyon
- 2E DÒZ
- Lawoujòl,malmouton,ribeyòlMMR)
- 4 YLane ?? 6 Lane
- Varisèl (VAR)
- 4 Lane ?? 6 Lane
- 4TE DÒZ
- Poliovirus Inaktif(IPV: <18 yrs)
- 4 ane ?? 6 ane
- 5E DÒZ
- Difteri,tetanòs, &Kokilch aselilè (DTaP: <7 yrs)
- 4 ane ?? 6ane
- VAKSINASYON ANYЀL
- Vaksen Influenza (IIV)
- LAJ KI REKÒMANDE POU DEK GWOUP KI GEN GWO RISK
- Menengokòk( MenACWY-D≥9 mos)
- MenACWY-CRM≥2mos
- Epatit A (HepA)
- Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
- LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
- Haemophilus influenza tip b (Hib)
- Konjige nemokosik(PCV13)
- Epatit B (HepB)
- Epatit A (HepA)
1. Fè tès dapre //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Gade “Sèvi ak Chaperon pandan egzamen fizik pasyan pedyatrik la ” (//pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.
7. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
8. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
9. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.
10. Rekòmande bwose ak dantifris fliyò nan dòz apwopriye pou laj li. //pediatrics.aappublications.org/content/134/6/1224
11. Yon fwa dan yo prezan, nou ka aplike vèni fliyò pou tout timoun chak 3-6 mwa nan sèvis swen prensipal oswa biwo sèvis dantè nan //pediatrics.aappublications.org/content/134/3/626
12. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626
Gid antisipasyon pou timoun 5 AN
Detèminan sosyal pou lasante
◊ Risk Yo (Vyolans Nan Vwazinaj Ak Nan Fanmi, Sekirite Alimantè, Itlizasyon Sibstans Fanmi An) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo (Sekirite Emosyonèl Ak Estim Pou Tèt Ou, Jan Pou Rete Konekte Ak Fanmi An)
- Anseye timoun nan teknik pou li rezoud konfili san fè vyolans.
- Pale ak paran yo/ granmoun ou fè konfyans si ou santi w annwiye.
- Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
- Kontakte resous kominotè yo, tankou SNAP, pou èd sou zafè manje
- Pa itilize tabak/ sigarèt elktronik. Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou èd pou kite fimen.Pale avèk mwen si ou enkyete w sou kijan manm nan fanmi an itilize dwòg/ alkòl.
- Ankouraje endepandans, responsabiite tèt li, montre l afeksyon felisite l nan bon fason.
- Pase tan ak timoun nan. Kreye tan pou pale. Kijan ou menm ak fanmi an ap tolere youn lòt. Kisa nou fè ansanm?
Devlopman ak santé mantal
◊ Abitid Ak Règ Fanmi An ◊ Sousi Pou Lòt Moun ◊ Respè Pou Lòt Moun ◊ Pasyans Ak Kontwòl Sou Kòlè
- Kontinye ak menm abitid fanmi yo; bay chak moun travay/tach pou fè nan kay la.
- Itilize disiplin pouw ansenye l, epa pinisyon.
- Bay egzanp pou jere kòlè/ disipline tèt li
- Rezoud konfli/ kòlè pandan wap pale, ale deyò epi jwe, deplase.
- Kisa ki fè w tris/ fache? Kijan ou sipòte sa?
Lekòl
◊ Dispozisyon ◊ Abitid Ki La Déjà ◊ Prezans Nan Lekòl ◊ Zanmi ◊ Swen Ak Aktivite Aprè Lekòl ◊ Kominikasyon Ant Paran Ak Pwofesè
- Asire w ke timoun nan prè pou li aprann ( abitid dòmi ki regilye, dejene ki bon pou lasante)
- Ki pwoblèm ou genyen sou kesyon konpetans pitit ou a pou li travay byen lekòl ?
- Vizit lekòl lan òganize; asiste evenman pou tounen lekòl
- Asire w ke swen pou aprè lekòl yo an sekirite epi pozitf.
- Pale avèk timoun nan sou eksperyans lekòl.
- Si timoun nan bezwen swen sante ki espesyal, fòk ou akitif nan pwosesis IEP.
Kwasans fisik ak devlopman
◊ Sante Pou Bouch (Vizit Regilye Kay Dantis, Bwose Epi Itilize Fil Dantè Chak Jou,Kantite Fluorid Nòmal, Limit Sou Bwason Ak Ti Goute Ki Dous Anpil) ◊ Nitrisyon (Pwa Nòmal; Konsome Plis Legim, Fwi Ak Sereyal; Kantite Sifizan Kalsiòm Ak Vitamin D; Bon Jan Manje Ki Bon Pou La Sante Nan Lekòl) ◊ Aktivite Fizik (60 Minit Pou Aktivite Fizik Pa Jou)
- Ede timoun nan bwose dan li si sa nesesè
- Wè yon dantis 2 fwa nan yon ane
- Bwose dan yo 2 fwa pa jou; itilize fil dantè yon fwa.
- Ede timoun nan chwazi jan pou l manje ki bon pou sante l (ba li manje ki bon pou sante, manje ansanm ak fanmi an, fòk ou se yon bon egzanp)
- Manje dejene; manje legim, fwi.
- Manje lè ou grangou; sispann manje lè ou satisfè
- Bwè lèt 2 rive 3 fwa chak jou.
- Limite bwason/manje ki sikre.
- Konsidere pou ou fè yon plan pou itilizasyon medya yo (www. healthychildren.org/MediaUsePlan), e sa ka ede balanse bezwen timoun nan pou aktiite fizik, somèy, aktivite lekòl, e lè pou li dekonekte; deside sou règ pou lè pou itilize medya yo nan ki rete lib aprè tout lòt akivite yo; pran an kont kantite, kalite ak kibò lap itilize medya yo.
- Fòk ou aktif fizikman souvan pandan jounen an.

Sekirite
◊Sekirite Machin Nan ◊ Sekirite Deyò Kay La ◊ Sekirite Pou Dlo ◊ Pwoteksyon Kont Solèy ◊ Danje Ak Lòt Granmoun ◊ Sekirite Pou Zam Afe
- Itilize senti pozisyon ki nan chèz dèyè a byen
- Anseye timoun bon jan abitid nan lari ( travèse lari/ monte nan bis lekòl)
- Asire w ke timoun nan itilize bon jan ekipman pou garati sekirite l ( kas,bouraj)
- Montre timoun nan naje; sipèvise li arebò dlo a)
- Itilize krèm solèy; mete chapo; evite fè twòp tan dèyò lè solèy la pi cho, ant 11 zè nan maten a 3 zè nan aprè midi.
- Kisa w tap fè si yon granmou fè ou pè? Kiyès ou tap di sa ? Kiyès ki tap ede w?
- anseye li règ pou li ka santi l an sekirite ak granmoun; (1) okenn granmoun pa dwe di timoun nan pou li kenbe sekrè pou paran li yo; (2) okenn granmoun pa gen dwa eksprime enterè l pou pati prive timoun nan; (3) okenn granmoun pa gen dwa mande timoun nan pou li edel avèk pati entim li yo.; ekspike l kisa ki “pati entim” li yo.
- Eske ou pale ak pitit ou a sou fason pou evite abi seksyèl?
- Enstale detektè lafimen ak, detektè monoksid kabòn / alam; kreye plan pou ou ka chape anban dife
- Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l. Mete minisyon nan yon lòt kote ki apa;
Objektif pou konsiltasyon timoun 5 AN
◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine pi plis ◌ Mande èd ◌ Chwazi jou pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.