Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon timoun 8 AN?

SIVEYANS DEVLOPMAN

  • Demontre konpetans sosyal ak
  • emosyonèl
  • Angaje li nan nitrisyon ki bon sante 
  • Angaje li nan aktivite fizik yo
  • Konpòtman yo
  • Fòme relasyon pou pran swen ak sipo avek :
    • Manm fanmi an
    • Lòt granmoun
    • Tiimoun parèy li

SANTE KONPOTMAN

  • SIKOSOSYAL

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/eEtèval
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak Pwa
    • Endèks mas kò a
    • Presyon san
  • TЀS SANS YO
    • Vizyon*
    • Tande*

VAKSINASYON

  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKOMANDE POU DEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Menengokòk( MenACWY-D≥9 mos;MenACWY-CRM≥2mos)
    • Epatit A (HepA)
    • Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik(PCV13)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Epatit B (HepB)
    • Epatit A (HepA)
    • Poliovirus Inaktif (IPV)
    • Lawoujòl,malmouton,ribeyol9MMR)
    • Varise (VAR)
    • Tetanòs difteri,& Koklich aselilè(Tdap:≥7yrs)

1. Fè  tès dapre  //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa  anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Gade “Sèvi ak Chaperon pandan egzamen fizik pasyan pedyatrik la ” (//pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.
7. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
8. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
9. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.
10. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626

Gid antisipasyon pou timoun 8 AN

Detèminan sosyal pou lasante 

 Risk Yo (Vyolans Nan Vwazinaj Ak Nan Fanmi, Sekirite Alimantè, Itlizasyon Sibstans Nan Nan Fanmi An, Danje Ak Entènèt) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo (Sekirite Emosyonèl Ak Estim Pou Tèt Ou, Jan Pou Rete Konekte Ak Fanmi An Ak Lòt Timoun Parèy Li)

  • Anseye timoun nan teknik pou li rezoud konfili san fè vyolans.
  • Pale ak paran yo/ granmoun ou fè konfyans si ou santi w annwiye.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
  • Kontakte resous kominotè yo, tankou SNAP, pou èd sou zafè manje
  • Pa itilize tabak/ sigarèt elktronik.
    • Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou èd pou kite fimen. Pale avèk mwen si ou enkyetew sou  kijan manm nan fanmi an itilize dwòg/ alkòl. 
  • Kisa ou konn de fason pitit ou a itilize entènèt ?
    • Mete òdinatè fanmi nan yon kote wap ka wè fasilman; gade jan li itilize òdinatè a; enstale bon jan filtè sekirite.
  • Kisa ou tap fè si ou ta ale sou yon sit entènèt ki efreye w?
    • Pa livre enfòmasyon pèsonèl sou entènèt.
  • Ankouraje endepandans, responsabiite tèt li, montre l afeksyon felisite l nan bon fason.
  • Kijan ou menm ak fanmi an ap tolere youn lòt. Kisa nou fè ansanm?
    • Pase tan avèk pitit ou. Kreye tan pou nou pale. Konnen zanmi pitit ou.

Devlopman ak sante mantal 

◊ Endepandans ◊ Règ Ak Konsekans ◊ Pwoblèm Tanperaman ◊ Solisyon Pou Konfli ◊ Pibète Ak Devlopman Pibète

  • Ankouraje konpetans/ otonomi/ responsabilite tèt li
  • Diskite règ yo ak konsekans yo.
  • Ak kiyès ou pale de sousi/ enkyetid ou yo epi bagay ki fè ou fache ?
    • Fòk ou toujou yon bon egzanp ; pa frape oubyen  kite lòt moun bay kou.
  • Pale de sousi/ enkyetid yo.
  • Kisa ou di pitit ou a sou kijan li pran swen kò li kap chanje? Eske ou konnen kisa ki pibète a? Pa gen pèsòn ki pale w de kijan kò w pral chanje pandan period pibète a?
    • Konnen chanjman pibète yo; reponn kesyon yo senp.

Lekòl 

 Adaptasyon Nan Lekòl La ◊ Pwoblèm (Konpòtman Oubyen Sou Kesyon Aprantisaj) ◊ Pèfòmans Ak Pwogrè Nan Lekòl ◊ Prezans Nan Lekòl La ◊ IEP Oubyen Sèvis Edikasyon Spesyal ◊ Angajman Nan Aktivite Lekòl La ◊ Pwogram Aprè Lekòl ◊ Enplikasyon Paran Yo

  • Asire w ke timoun nan prè pou li aprann (abitid dòmi alè chak jou, dejene ki bon pou lasante)
  • Koman pitit ou ye nan lekòl la? Ki jan de aktivite pitit ou a fè aprè lekòl ? Kisa ou pi renmen nan aktivite lekòl/ aprè lekòl yo ?
    • Montre w enterè nan lekòl la epi nan aktivite yo.
  • Si  ta gen sousi, mande  pwofesè a evalyasyon pou èd espesyal ; èd sou kesyon takinen.
  • Si timoun nan bezwen swen sante ki espesyal, fòk ou akitif nan pwosesis IEP.

Kwasans fisik ak devlopman

◊ Sante Pou Bouch (Vizit Regilye Kay Dantis, Bwose Epi Itilize Fil Dantè Chak Jou, Fluorid Nòmal, Limit Sou Bwason Ak Ti Goute Ki Gen Dous Anpil) Nitrisyon (Pwa Nòmal; Kantite Sifizan Kalsiòm Ak Vitamin D;Limite Konsomasyon Ki Sikre Anpil) ◊ Aktivite Fizik (60 Minit Pou Aktivite Fizik Pa Jou, Lè Pou Ekran)

  • Mennen timoun nan kay dantis 2 fwa pa jou.
  • Ba li medikaman ki gen fluorid si dantis la rekòmande sa.
  • Limite bwason/ ti goute ki sikre.
  • Bwose dan yo 2 fwa pa jou; itilize fil dantè yon fwa.
  • Mete pwoteksyon bouch pandan period espò.
  • Ede timoun nan chwazi jan pou l manje ki bon pou sante l (ba li manje ki bon pou sante, manje ansanm ak fanmi an, fòk ou yon bon egzanp)
  • Manje dejene; manje legim/ fwi
  • Manje lè ou grangou; sispann manje lèw satisfè.
  • Bwè 3 oubyen plisyè fwa nan yon jou.
  • Limite bwason/ manje ki sikre yo.
  • Fòk ou aktif fizikman souvan pandan jounen an.
  • Konsidere pou ou fè yon plan pou itilizasyon medya yo (www. healthychildren.org/MediaUsePlan), e sa ka ede pou balance bezwen timoun nan pou aktiite fizik, somèy, aktivite lekòl, ak lè pou dekonekte; deside sou règ pou lè pou itilize medya yo nan ki rete lib aprè tout lòt akivite yo; pran an kont kantite, kalite ak kibò lap itilize medya yo.

Sekirite 

 ◊ Sekirite Machin Nan ◊ Sekirite Pandan Aktivite Fizik ◊ Sekirite Pou Dlo ◊ Pwoteksyon Kont Solèy ◊ Danje Ak Lòt Granmoun ◊ Sekirite Pou Zam Afe

  • Itilize senti pozisyon ki nan chèz dèyè a byen
  • Asire w ke timoun nan itilize bon jan ekipman pou garati sekirite l (kas,bouraj).Fòk ou yon bon egzanp epi toujou mete kas.
  • Montre timoun nan naje; sipèvise li arebò dlo a.
  • Itilize krèm solèy; mete chapo; evite fè twòp tan deyò lè solèy la pi cho, ant 11 zè nan maten rive 3 zè nan aprè midi.
  • Eske ou konnen kisa pou w fè sizoka ou rive nan kay la o epi manmi oubyen papi pa ta la ?
  • Kisa w tap fè si ou santiw pa an sekirite lakay yon zanmi ? Eske sa rive ke yon moun touchew nan yon fason ki fèw santiw enkonfòtab?
    • Konnen zanmi timoun nan; anseye li règ sekirite kay la pou dife/ ijans; anseye li règ pou li ka santi l an sekirite ak granmoun:
    • (1)okenn granmoun pa dwe di timoun nan pou li kenbe sekrè pou paran li yo; (2) okenn granmoun pa gen dwa eksprime enterè l pou pati prive timoun nan; (3) okenn granmoun pa gen dwa mande timoun nan pou li edel avèk pati entim li yo.; ekspike l kisa ki “pati entim” li yo.
  • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l. Mete minisyon nan yon lòt kote ki apa; 

Objektif pou konsiltasyon timoun 8 AN

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment