Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon timoun 18 ZAN?

 SIVEYANS DEVLOPMAN

  • Fòme relasyonpou pran swen ak sipòte
  • Angaje li nan sans ki pozi tif nan kominote a
  • Angaje li nan kompòtman mennen yon vi an sante 
  • Demontre konpetans
    • Fizik
    • Mantal
    • Emosyonѐl
    • Sosyal
    • Moral
  • Montre konpasyon ak anpati
  • Montre rezilyans pandan strès lavi a
  • Itilize konpetans pou pran desizyon endepandan
  • Afiche
    • Konfyans nan  
    • Lespwa
    • Byenèt

SANTE KONPÒTMAN

  • SIKOSOOSYAL
  • TЀS DEPRESYON
  • TABAK,ALKÒL,OUBYEN EVALYASYON ITIIIZASYON DWÒG*

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Enteval
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak Pwa
    • Endeks Mas Pwa
    • Presyon San
  • TЀS SANS YO
    • Vizyon*
    • Tande*
    • 18an?? 21an
  • SANTE ORAL*
    • 1Sipleman Fluorid*
  • PWOSEDI YO
    • Anemi
    • Tibèkiloz*
    • Dislipidemi
    • 17 An??21 An
    • Maladi moun pran nan fè sèks*
    • VIH

VAKSINASYON

  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKOMANDE POU DEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Epatit A (HepA)
    • Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik(PCV13)
    • Menengokòk B
    • Tetanòs,difteri, & Koklich aselilè (Tdap:≥7 an)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Epatit B (HepB)
    • Epatit A (HepA)
    • Lawoujòl,malmouton,ribeyòl(MMR)
    • Varisѐl (VAR)
    • Tetanòs,difteri, & Koklich aselilè (Tdap:≥7 an)
    •  Menengokòk(MenACWY-D≥9 mos;MenACWY-CRM≥2mos)
    • Difteri,tetanòs, Koklich aselilè  (DTaP: <7 yrs)
    • Papilomaviris imen (HPV)

1. Fè  tès dapre  //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa  anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Tès ak odyometri ant 6,000 ak 8,000 Hz frekans maksimal, yon fwa pou timoun ant 11 ak 14 ane, yon fwa ant pou timoun 15 ak 17 ane, ak yon fwa pou timoun ant 18 ak 21 ane. Gade //www.jahonline.org/article/S1054-139X(16)00048-3/fulltext
5. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. 
6. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.
7. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
8. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
9. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.See //www.nhlbi.nih.gov/guidelines/cvd_ped/index.htm
10. Adolesan yo ta dwe tès fè tès depistaj kont enfeksyon seksyèlman transmisib (MST) pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl nan Liv Wouj AAP a: Rapò Komite a sou maladi enfeksyon.
Moun ki gen plis risk pou enfeksyon VIH, tankou moun ki seksyèlman aktif, ki patisipe nan pran dwòg piki, oswa yo teste pou lòt MST, yo ta dwe fè tès pou VIH epi revize l chak ane. //www.uspreventiveservicestaskforce.org/uspstf/uspshivi.html

Gid antisipasyon pou timoun 18 ZAN

Detèminan sosyal pou lasante 

◊ Risk yo(vyolans entèpèsonèl, kondisyon lavi ak  sekirite alimantè, itlizasyon sibstans nan fanmi ) ◊ Fòs ak faktè pwoteksyon yo( jan li rete konekte ak fanmi an ak lòt timoun parèy li,, jan li rete konekte ak kominote a ,pèfòmans nan lekòl, fè fas ak strès epi priz desizyon)

  • Aprann jere konfli san vyolans; deplase si sa nesesè. Evite sitiyasyon ki gen risk yo.Rele pou mande èd si bagay yo vin danjere.
  • Ou kapab rele gratis tou nan nimewo biwo Nasyonal Vyolans Domestik  ki se 800-799-SAFE (7233)
  • Ajans kominotè yo ka ede nan bagay ki gen rapò ak kondisyon w’ap viv. Pale m de kondisyon wap viv.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte? 
    • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konsènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize ni tabak ni sigarèt eletronik yo ; pale avèk mwen si ou enkyetew sou jan manmnan fanmi an itilize dwòg/ alkòl.
  • Rete konekte avèk fanmi an; enplike nan aktivite ki entèrese w.
  • Pran responsabilite pou lekòl la; obligasyon travay yo.
  • Jwenn fason pou fè fas ak strès; pale avèk paran w/ granmoun ou fè konfyans

Lasante fizik ak pwomosyon pou lasante

◊ Sante pou bouch ◊ Imaj kò a ◊ Manje ki bon pou sante a ◊ Akitivite fizik ak somèy ◊ Tranzisyon a swen sante pou granmou bwose dan 2 fwa pa jou ; itilize fil dantè yon fwa.

  • Bwose dan li 2 fwa pa jou; itilize fil dantè yon fwa.
  • Mennen timoun nan kay dantis 2 fwa pa ane.
  • Chèche konbinezon manje / aktivite fizik ki bon pou  sante ki pral kenbe kò ou solid ak an santé.
  • Manje lè ou grangou/ sispann manje lè ou satisfè
  • Manje dejene; manje legim/ fwi/ sereyal/ pwoteyin pou mèg; konsome 24 oz ou plis rejim alimantè ki gen fèb grès /san grès/ lòt rejim alimantè chak jou.
  • Limite manje ak bwason ki gen anpil sik/ anpil grès/ grenn ki rafine ak sa ki fèb nitriman.
  • Bwè dlo.
  • Fòk ou aktif fizikman souvan pandan jounen an.
  • Itilize bon jan ekipman sekirite pandan espò.
  • Dòmi ase.
  • Ann diskite kijan ou ka jere swen pou sante w tankou granmoun.
  • Medam yo;Konsome manje ki rich ak asid folik; evite alkòl / tabak / dwòg si ou anvizaje gwosès.

Byenèt emosyonèl 

◊ Regleman atitid/ tanperaman ◊ Sante mantal ◊ Seksyalite

  • Eske w konn santi w annwiye, tris, oubyen an kòlè tout tan? Eske ou konn santi w telman tris kew menm swete pou w pat vivan oubyen pou w mouri?
    • Rekonèt moman difisil yo vini e ale; pale ak paran / granmoun ou fè konfyans.
  • Eske ou atire seksyèlman avèk mal, femèl, oswa toulède? Eske ou pa gen kesyon oswa enkyetid sou idantite seksyèl ou, sa ki vle di idantite ou kòm yon mal oswa femèl? Ki plan ou ak vale ou sou relasyon, sèks, fanmi nan lavni, maryaj?
    • Jwenn bon jan enfòmasyon sou devlopman fizik ak sou seksyalite epi santiman sekyèl anvè sèks opoze a, oubyen menm sèks; pale avèk mwen/ paran w/ granmoun ou fè konfyans.  

Rediksyon risk 

◊ Gwosès ak Enfeksyon ki kapab transmèt nan fè sèks ◊ Tabak ◊ Sigarèt elektronik ◊ Alkòl ◊ Preskripsyon Medikaman oubyen Dwòg yo vann nan lari ◊ Troma akoustik

  • Pa fimen/ pa rale vapè, pa bwè alkòl oubyen itilize dwòg ; evite sitiyasyon kote ki gen dwòg/ alkòl ; pa pataje medikaman paw oubyen preskripsyon medikaman lòt moun; sipòte zanmi ki pa itilize yo;  pale avèk mwen si ou gen sousi sou pwòp itilizasyon w oubyen itilizasyon manm nan fanmi w.
  • Eske sa rive ke ou te nan yon relasyon amoure déjà ? Eske pa gen nan relasyon ou yo ki te gen rapò seksyèl? Eske sa rive ke  yo manyen w nan yon fason ki fèw santi w mal alèz ? 
  • Eske sa rive ke yo fòse w fè yon bagay ki gen rapò ak sèks? Si adolesan konn fè fèks: Eske patnè ou yo se gason oubyen fi oubyen eske ou te kòm patnè gason ak fi ? Eske patnè ou yo te pi piti, pi gran  oubyen te nan menm laj avèw ?Eske w te konn fè sèks  yo fè nan bouch ? Sèks yo fè nan vajen ? Sèks yo fè nan dèyè ? Eske ou itilize lòt mwayen pou w pa fè pitit olye ou itilize kapòt oubyen ou itilize kapòt an menm tan? Èske ou okouran de kontrasepsyon dijans
    • Si ou ou konn fè sèks déjà, pwoteje tèt ou kont maladi moun pran nan fè bagay/ gwosès pandan ke wap itilize  kòrèkteman / toujou kontrasepsyon revèsib ki dire lontan, tankou esterilè / enplan kontraseptif, oswa  sèvi avèk grenn planin. Sèvi ak yon kapòt. Anvizaje genyen kontrasepsyon dijans ki  disponib.
  • Mete pwoteksyon pou tande lè ou ekspoze a bri (konsè, Koupe gazon). Kenbe volim oreyèt la modere.

Sekirite 

◊ Senti sekirite pou syèj ◊ Itilizasyon kas ◊ Kondi ◊ Itilizasyon sibstans ◊ Pwoteksyon pou solèy ◊ Sekirite pou zam afe

  • Mete senti sekirite pou syèj ; pa pale/ teks/ itilize aarèy mobil lè wap kondi
  • Pa kondi aprè w fin konsome alkòl/ dwòg; pa kondi ak yon moun ki tap itilize alkòl/ dwòg
  • Itilize krèm solèy; mete chapo; evite fè twòp tan deyò lè solèy la pi cho, ant 11 zè nan maten a 3 zè nan aprè midi; evite salon kote moun bwonze.
  • Eske ou konn kenbe zam afe sou ou oubyen lòt zam?
    • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l, mete minisyon yo nan yon lòt kote ki apa.

Objektif pou konsiltasyon timoun 18 ZAN

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment