Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon tibebe 18 MWA?

Tѐs Devlopman

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
    • Angaje ak lòt li jwe
    • Ede li abiye epi dezabiye tѐt li
    • Pwente pou montre imaj nan liv
    • Gade granmoun si gen yon
    • Kòmanse pran manje ak kiyè
    • Itilize mo pou mande èd
  • LAGAJ VÈBAL
    • Idantifye 2 pati nan kò
    • Bay non 5 objѐ ki familye
  • MOTRISITE GLOBAL
    • Mache pandan lap itilize men
    • Chita nanti tèz
    • Pote jwѐt panda lap mache
  • MOTRISITE FIN
    • Fѐ madjigridji natirèlman
    • Voye bou piti pandan li kanpe

5EVALYASYON KONPÒTMAN

  • 4Tѐs Depistaj pou otis

6EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Entѐval
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak pwa
    • Sikonferans tèt la
    • Pwa pou longè a
    • Presyan san*
  • TЀS SANS YO
    • 2Vizyon*
    • Tande*
  • 10 SANTE ORAL
    • Risk as11Fluorid Vèni.
    • 6 Month ?? 5 Years
    • 12Sipleman Fluorid*
  • 13 PWOSEDI
    • 8Anemi*
    • 9Plon*

7Vaksinasyon

  • 2E DÒZ
    • Epatit A (HepA)
  • 3E DÒZ 
    • Epatit  B (HepB)
    • 1 Mwa  ?? 18 Mwa
    • Poliovirus inaktif (IPV)
    • 1 Mwa ?? 18 Mwa
  • 4E DÒZ 
    • Difteri,tetanòs, & koklich aselilè (DTaP: <7 yrs)
    • 15 Mwa?? 18 Mwa
  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU KEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Menengokòk( MenACWY-D≥9 mos;MenACWY-CRM≥2mos)
    • Lawoujòl,malmouton,ribeyòl (MMR)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik
    • Lawoujòl, malmouton, riibeyòl
    • Varisèl (VAR)

 1. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
2. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa //pediatrics.aappublications.org/content/137/1/e20153597Gade: //pediatrics.aappublications.org/content/118/1/405.full
3. Tès yo dwe fèt selon //pediatrics.aappublications.org/content/126/5/1032
4. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longèimit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
7. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
8. Pou timoun ki gen risk pou yo ekspoze ak plon, gade //pediatrics.aappublications.org/content/138/1/e20161493
9. Rekòmande bwose ak dantifris fliyò nan dòz apwopriye pou laj li. //pediatrics.aappublications.org/content/134/6/1224
10. Yon fwa dan yo prezan, nou ka aplike vèni fliyò pou tout timoun chak 3-6 mwa nan sèvis swen prensipal oswa biwo sèvis dantè nan //pediatrics.aappublications.org/content/134/3/626
11. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626
12. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626

Gid antisipasyon pou tibebe 18 MWA

Tanperaman, devlopman, antrenman pou
li al nan twalèt, konpòtman ak disiplin

◊ Antisipasyon Pou Retou ◊ Sousi Ki Kreye Pa Separasyon ◊ Koman Pou Jere Konpòtman Avèk Anpil Limit ◊ Aprann Rekonèt Siy Lè Li Prè Pou Li Tata ◊ Atant Paran Yo ◊ Nouvo Pitit Ki Planifye Pou Ki Pou Fèt Oubyen Ki Preske Fèt.

  • Antisipe sousi/adaptasyon ak nouvo sitiyasyon
  • Pase tan ak timoun na chak jou; planifye depi anvan sitiyasyon difisil yo, epi eseye nouvo bagay pou rann yo pi fasil
  • Fòk ou pa lage avèk disiplin nan/ ranfòse limit yo
  • Tann jiskaske timoun nan prè pou ou kòmanse antrene l tata (pou li pa mouye pou dè peryòd de 2 zè de tan anviwon, pou li konnen lè li mouye ak lè li pa mouye, kapab monte pantalon li/ desann patalon, kapab endike ke li gen tata)
  • Li liv ki pale de vaz; felisite l dèske li te eseye chita sou vaz la. 
  • Prepare timoun nan ki fèk ap mache a pou nouvo frè oubyen sè pandan wap li liv; evite ba li nouvo lòd pou devlopman l; pran dè mezi pou li asire sante l

Kominikasyonn epi devlopman sosyal

◊ Ankourajman Pou Devlope Lagajl Li ◊ Itilizasyon De Mo Ak Fraz Senp ◊ Angajman Nan Lekti ◊ Jwe ◊ Pale ◊ Chante

  • Ankouraje devlopman langaj timoun nan, pandan wap li epi chante; pale de sa ou wè
  • Encourage language development by reading and singing; talk about what you see.
  • Itilize mo ki dekri santiman ak emosyon ki ka ede timoun nan aprann de santiman yo
  • Use words that describe feelings and emotions to help child learn about feelings.
  • Itilize yon langaj ki senp pou w ka bay timoun ou an enstriksyon/ lòd
  • Use simple language to give your child instructions.

Gade tele ak lòt aparèy elektronik 

◊ Fè Pwomosyon Pou Lekti ◊ Aktivite Fizik ◊ Jwe An Tout Sekirite

  • Kreye tan pou teknoloji, pou li gen tan pou li jwe jwèt li vle chak jou; itilize abitid pou li al kouche/ pou li al fè lekti/ chante, men pa nan medya yo
  • Itilize metòd apa de tele oubyen lìt aparèy pou ou ka kalme l (distraksyon, retire sa ki ap trouble l la, ale deyò ak li, mande l sil grangou/ sil fatige)
  • Eske timoun ou an gade tele oubyen gade video oubyen itilize aparèy ki mache ak entènèt? Si repons lan se non, eske ou gentan ak reflechi sou yon plan sou medya yo lè pitit ou an pi gran?
    • Si ou chwazi kòmanse ba li itilize medya yo kounya, chwazi bon jan pwgram ak aplikasyon de wot kalite epiitlize yo ansanm; limite lè pou li genyen yo a mwens ke 1 nè de tan pa jou; fòk ou konnen abitid ak kilè li pou li itiize yo; diskite yon plan pou itilize medya yo (www.healthy children.org/MediaUsePlan); avoid TV during meals.

Nitrisyon ki bon pou lasante 

◊ Manje Ki Nouri Kò A;Dlo; Lèt; Epi Ji ◊ Eksprime Endepandans A Travè Manje Li Renmen Ak Sa Li Pa Renmen

  • Ofri li plizyè varyete manje/ ti goute, spesyalman legim/ fwi/ pwoteyin ki fèb
  • Ba li yon gran repa, ak plizyè ti lòt repa/ ti goute; fè pitit ou a konfyans pouli deside kantite manje li vle manje
  • Ba li ant 16 a 24 oz lèt
  • Ji pa yon bwason k nesesè. Si ou chwazi bali ji, limete l a 4 oz pa jou epi toujou ba lil avèk manje.
  • Kontinye ofri li nouvo manje; kite timoun nan ki fèk ap aprann manche gen pwòp ekz[eryans pa l pandan lap touche epi mete nan bouch li. 

Sekirite 

◊ Sièj De Sekirite Nan Machin ◊ Itilizasyon Paran Yo Fè De Senti Sekirite Yo ◊ Pwazonnen ◊ Pwoteksyon Kont Solèy ◊ Sekirite Kont Zam ◊ Anviwonman Sen Nan Kay La Boule, Dife, Epi Tonbe/ So

  • Sièj nan machin
    • Itilize sièj de sekirite ki bay fas a chèz dèyè a jiskaske timoun nan gen wotè ak pwa nòmal ke sila ki fabrike machin nan mande a.
    • Fè chanjman ki nesesè yo lè wap chanje syèj la sans, poiu w fèl bay fas li devan
    • Pa janm mete syèj de sekirite machin nan nan syèj ki devan an ak air bag pou pasajè yo; syèj dèyè a pi an sekirite.
  • Eske tout moun itilize senti de sekirite yo, oubyen chèz de sekirite kin a mchin nan?
  • Asure w ke tout moun mete senti de sekirite yo.
  • Retire/ mete tout pwazon anba kle/ pwodwi toksik pou antretyen kay;
    • Nimewo èd pou pwazon (800-222-1222) sou tout telefòn, e menm sou  selilè pòtab yo
  • Itilize chapo/ rad ki ede proteje kont solèy la;krèm solèy; evite fè twòp tan anba solèy cho, ant 11 zè na maten a 3 zè na aprè midi. 
  • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l. Mete minisyon nan yon lòt kote ki apa; 
  • Yon kay ki fèt pou timoun (medikaman, founiti pou netwyaj, radiate,kòd ki pandye, objè ki piti/ ki pwenti, sak an plastic); kite timoun nan lwen de objè ki lou/ ki cho.
  • Enstale detectè pou lafimen nan chak etaj kay la; teste oubyen chanje batri yo chak mwa/ ane ; fè yon plan pou sove tèt ou de dife ; pa kite timoun nan nan ale a/ antre kay la lè gen machin kap deplase

Objektif pou konsiltasyon tibebe 18 MWA

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann genyen  “ FOMO”◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment