Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon 6 MWA?

DEVLOPMAN  SIVEYANS

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈL
    • Ri pou kanti li
    • Gande lè yo site non li
  • LAGAJ VÈBAL
    • Babye
    • Son tankou l “ga” “ma” oubyen “ba”
  • MOTRISITE GLOBAL
    • Leve tѐt ak pwatrin li sou vant li
    • Chita dousman san sipò
  • MOTRISITE FIN
    • Pase yon jwèt de yon men a yon lòt
    • Rale ti objѐ ak 4 dwѐt
    • Frape ti objѐ sou sifas

KONPÒTMAN SANTE 

  • Evalyasyon konpòtman
  • Matѐnѐl
  • Tѐs deresyon

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Entѐval
  • MEZI
    • Longè/Wotè
    • Pwa
    • Sikonferans tèt la
    • Pwa pou longè a
    • 1Presyan san*
  • TЀS SANS YO
    • 2Vizyon*
    • Tande*
  • 9/10SANTE ORAL
    • 11Fluorid Vѐni
    • 6 MWA ?? 5 An.
    • 12Sipleman fluorid*
  • PWOSEDI
    • 7Plon*
    • 8Tibѐkiloz*

VAKISINASYON

  • 3E Dòz
    •  Epatit B  (HepB)
    • 1Mwa??18 Mwa
    • Rotavirus (RV) RV5 (3-seri dòz) 
    • Difteri, tetanòs, & Koklich (DTaP:<7 yrs)
    • Haemophilus influenzae tip b (Hib)
    • Poliovirus inaktif(IPV: <18 yrs)
    • 1 Mwa?? 18 Mwa
  • VAKISINASYON ANYÉL
    • Influenza (IIV)
  • LAJJ KI REKÒMANDE POU KONTINYE PRAN VAKSEN
    • Epatit B (HepB)
  • LAJ REKÒMANDE POU KЀK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • meningococcus
    • Lawoujòl,malmouton,ribeyòl (MMR)
    • Epatit A (HepA)

1. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
2. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa //pediatrics.aappublications.org/content/137/1/e20153597
3. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
4. Tès yo dwe fèt selon //pediatrics.aappublications.org/content/126/5/1032
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longè limit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
7. Pou timoun ki gen risk pou yo ekspoze ak plon, gade //pediatrics.aappublications.org/content/138/1/e20161493
8. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.
9. Rekòmande bwose ak dantifris fliyò nan dòz apwopriye pou laj li. //pediatrics.aappublications.org/content/134/6/1224
10. Fè yon evalyasyon risk //www2.aap.org/oralhealth/docs/ RiskAssessmentTool.pdf
11. Yon fwa dan yo prezan, nou ka aplike vèni fliyò pou tout timoun chak 3-6 mwa nan sèvis swen prensipal oswa biwo sèvis dantè nan //pediatrics.aappublications.org/content/134/3/626
12. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626

Gid antisipasyon pou 6 MWA

Detèminan social pou lasante 

 Risk Yo (Kondisyon Lavi Epi Sekirite Alimantè,Tabak, Alkòl, Epi Dwòg; Depresyon Parantal) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo ( Relasyon Ak Sipò Nan Fanmi An, Swen Pou Timoun Nan)

  • Palem sou kondisyon w’ap viv. Ki resous ou genyen pou ou pran swen ti bebe an?
    • Ajans kominotè kapab ede ou avèk pwoblèm sou kijan wap viv lan.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis? Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
    • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize tabak/ sigaret elektronik. Pa kite lafimen tabak ak sigaret elektronik nan machin ou oubyen nan kay ou. 
  • Rele 800-QUIT-NOW (800-784-8669) pou ede ou kite fimen
  • Dim kèk nan pi bon moman, e kèk nan pi move moman ou konn pase ak bebe an nan yon jou? Kijan w konn santiw emosyonèlman?
    • Mande èd si ou santi w dekouraje, oubyen konble.
  • Kote kiyès ou kapab ale lè ou bezwen èd avèk fanmi ou?
    • Depann de rezo sosyal yo 
  • Chwazi moun ou kwè nan yo ak moun ki responsab pou pran swen timoun nan

Konpòtman nourison an ak devlopman 

◊Parasan Yo Tankou Pwofesè ◊ Kominikasyon Ak Aprantisaj Timoun Nan Bonè ◊ Media ◊ Kòmanse Fè Bebe Endepandan ◊ Fè Li Dodo Pou Kont Li ◊ Fè Li Kalme Li Pou Kont Li

  • Itiize chèz ki wo / syèj ki dwat pou bebe a kapab wèw
  • Kijan bebe ou an kominike avè w oubyen mande sa li vle epi sa li bezwen?
    • Angajew nan jwèt kote ou menm avèl ap jwe. Pale/ chante/ fè lekti, jwe jwèt ak bebe a.
  • Evite tele ak lòt aparèy elektronik lè ou ak bebe a.
  • Kontinye abitid ou konn genyen chak jou yo; mete bebe an nan kabann lè li eveye, men li gen dòmi tou.
  • Kontinye ak strateji ou konn kalme bebe a lè li ajite anpil.

Sante nan bouch bebe a 

◊ Fluorid ◊ Ijyèn Pou Bouch/ Bròs Dan Ki Mou ◊ Evite Kite Bibon Nan Kabann Bebe A

  • Analize sous fluorid lan
  • Assess fluoride source.
  • Netwaye dan/ jansiv yo 2 fwa pa jou avèk bwòs dan ki mou epi ti kal pat ki gen fluor (pa pi gwo pase yon grenn diri)
  • Pa peze bibon an oubyen tou,pa itilize bibon an lè li nan kabann.
  • Evite manje/ ji ke bebe an kapab souse nan sachè oubyen ti sak an plastik.
  • Pa itilize menm kiyè ; pa netwaye sisèt bebe a nan bouch ou.

Nitrisyon ak manje 

◊ Gid Jeneral Sou Koman Pou Nouri Bebe A ◊ Manje Ki Solid ◊ Pestisid Nan Legim Epi Fwi Yo ◊ Fluid Ak Ji Yo ◊ Gid Sou Kijan Yo Bay Tete ◊ Gid Sou Reset Manje Tou Prepare 

  • Bay ti bebe an tete sèlman pou anviwon 6 premye mwa
  • Lè ki soti nan tete ou ak manje ki solid apati anviwon 6 a 12 mwa.
  • Li rekòmande pa kouri bay bebe resèt manje ki tou prepare pou nourison ki gen anpil fè 
  • Mete bebe a yon jan lè wap ba li manje pou li kapab wè ou/ pale youn ak lòt.
  • Gade pou wè si bebe an prè e kapab pou li manje manje ki solid yo
  • Kòmanse ba li manje ki fèt ak yon sèl bagay youn aprè lòt.
  • Ba li manje ki gen anpil fè
  • Reponn ak bezwen li lè li grangou, lè vant li plen.
  • Lave legim ak fwi yo anvan ou ba li yo; limite ji de 2 a 4 oz  pa jou.
  • Si wap bay bebe a tete:
    • Kontinye ba li tete toutotan li vle e toutotan ou vle tou
    • Kontinye ba l vitamin D/ lot sipleman ki gen fè
  • Si wap prepare manje ak reset:
    • Pa chanje jan w tap ba l manje a pou w ba li lèt
    • Kontakte WIC/ resous pou kominote a si w beazwen èd.

Sekirite 

◊ Sièj De Sekirite Nan Machin ◊ Domi An Sekirite/ Pè ◊ Anviwonman Sen Nan Kay La ◊ Boule ◊ Kout Solèy ◊ Koupe Dwèt ◊ Pwazonnen ◊ Nwayad ◊Tonbe/ So

  • Sièj nan machin
    • Itilize sièj de sekirite ki bay fas a chèz dèyè nan machin nan.
    • Pa janm mete ti bebe an nan sièj avan nan yon machin ki gen air bag pou pasajè
  • Bebe ki atenn yon wotè/ pwa maximum ke gid sekirite machin nan pemèt yo bay fas a chèz dèyè nan machin dwe itilize yon dekapotab oubyen yon syèj 3-in- l ki otorize pou itilize chèz ki bay fas dèyè a bebe ki pi gwo/ pi wo (jiska 50 lb ak 49 in)
  • Mete bebe an dòmi sou do.
    • Chwasi bèso ak plach ki pi piti pase 2¾” de diferans
    • Pa itilize bagay ki glise oubyen ki dous pou w fè kabann pou bebe an, fè matla bèso an vin pi ba
    • Pa janm kite bebe an nan bèso avèk yon bò bèso ki bese.
    • Chwazi yon pak pou bebe kote griyaj laf èt ak may ki byen tise e ki pa depase ¼
  • Verifye si tout bagay nan kay la garanti sekite (pòt eskalye yo, baryè ki antoure radyatè yo, pwodwi pou netwayaj yo)
  • Pa kite beba an pou kont li nan baignoir (benynwa), kote ki wo (pandan wap chanje tab, kabann, sofa yo) 
  • Mete pwodui pouf è menaj yo (pwodui pou antretyen yo, medikaman) anban kle, epi pa kite yo anba bebe an.
    • Mete nimewo èd pou pwazon (800-222-1222) sou tout telefòn, e menm sou selilè pòtab yo.
  • Kite bebe an sou chèz ki wo/ nan pak pou bebe lè ou nan kizin.
  • Evite tout risk boule (bwè likid cho, kwizine, repase rad, fimen); mete tanperati dlo kay la pi ba pase 120°F.
  • Kite objè ki piti, sachè an plastic lwen bebe a
  • Pou evite blese nan dwèt, fè li pran ti mòso yo dousman.
  • To prevent choking, limit finger foods to soft bits.
  • Evite kout solèy; itilize chapo/ krèm solèy pou bebe

Objektif pou konsiltasyon 6 MWA 

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment