Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon 4 MWA?

DEVLOPMAN SIVEYANS

  • LANGAJ SOSYAL AK ÈD-PÈSONÈ
    • Ri fò
    • Gade paran an lѐ li kontrarye
  • LANGAJ VEBAL
    • Vire lѐ li tande vwa
    • Bay son prolonged ki make
  • MOUVMAN BRIT/MOTRISITE BRIT
    • Sipòte kò li sou koud li epi
    •   ponyѐt li sou vant li
    • Woule soti sou vant ale sou do
  • MOTRISITE FIN
    • Kenbe men li yo ouvѐ
    • Jwe avѐk dwѐt yo an liy
    • Sezi objѐ
  • SANTE KONPÒTMAN
    • Evalyasyon konpòtman
    • Matѐnѐl
    • Tѐs deresyon

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Entѐval
  • MEZI
    • Longѐ/Wotѐ
    • Pwa
    • Silkonferans tѐt la
    • Pwa longa
    • Presyon san*
  • TÈS SANS YO
    • Vizyon*
    • Tande*
  • PWOSEDI
    • Anemi*

VAKSINASYON

  • 2E DÒZ
    • Rotavirus (RV) RV1 (2-seri dòz)
    • Rotavirus (RV)RV5  (3-seri dòz)
    • VaksenDifteri,tetanòs & koklich (DTaP)
    • Vaksen Haemophilus
    • influenzae tip b (Hib)
    • PedvaxHIB
    • Vaksen Konjige pou nemokosik
    • Vakse Poliovirus inaktif (IPV)
  • LAJJ KI REKÒMANDE POU KONTINYE PRAN VAKSEN
    • Epatit B (HepB)
  • LAJ REKÒMANDE POU KЀK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Meningococcus

1. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
2. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa //pediatrics.aappublications.org/content/137/1/e20153597
3.Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
4. Tès yo dwe fèt selon //pediatrics.aappublications.org/content/126/5/1032
5. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Rezon vizit la ak dyagnostik ansanm ak konsiderasyon ki te soulve pandan yo tap pran enfòmasyon sou pasyan an ap tou di ki longè limit egzamen fizik la ka ye. //pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
6. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
7. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an

Gid antisipasyon pou 4 MWA

Detèminan social pou lasante 

◊ Risk Yo (Risk Ki Gen Rapò Ak Anviwonman) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo (Relasyon Ak Sipò Nan Fanmi An, Swen Pou Timoun Nan) Redwi ekspozisyon a petwòl nan kay la.

  • Kenbe kontak ak moun
    • Kreye tan pou pran swen tèt ou, mariw
    • Pase tan ak lòt timoun yo.
  • Fè bon jan kalite aranjman pou pran swen timoun yo.

Konpòtman nourison an ak devlopman

◊ Lè Bebe A Kalme L Pou Kont Li ◊ Kominikasyon Ant Paran Ak Ti Bebe An ◊ Abitid Regilye Chak Jou ◊ Media ◊ Lè Pou Jwe

  • Kisa ou fè pou ou kalme bebe a? Kisa ou fè si sa pa ta mache ? Eske ou santi ke ou menm e/ oubyen lòt mou ki konn pran swen bebe an ka blese fè bebe an mal ?
    • Kontinye ak strateji pou kalme bebe an lè li ajite anpil.
  • Pase tan ak bebe an pandan wap pale/ jwe ak bebe a.
  • Kreye abitid chak jou pou ba li manje/ fè li pran tip poz lè l fin manje/ ak lè li pral dòmi 
  • Evite tele ak lòt aparèy elektronik lèw avèk bebe an.
  • Pa ni li fò, ni chante fò, men jwe avèk li lè li fèk reveye l 
  • Kreye lòt bon opòtinite pou w fèl aprann

Sante oral 

◊ Lasante Oral Pou Manman Yo ◊ Lè Lap Fè Dan Epi Lè Li Ap Bave ◊ Bon Ijyèn Pou Bouch (Pa Bali Bibon Lè Li Nan Kabann)

  • Pa itilize menm kiyè ak bebe a, pa netwaye sisèt la nan bou ou; kenbe yon bon ijyèn pou dan
  • Itilize sèk dantè ki fre pou soulaje doulè nan dan
  • Pa mete bebe a nan bèso ak bibon; pa janm peze bibon an lè wap bal manje.
  • Netwaye dan/ jansiv 2 fwa pa jou; itilize yon twal ki mou/ bwòs dan ak dlo robinè epi yon ti kal pat ki gn fluor (pa pi gwo pase yon grenn diri) 

Nitrisyon ak manje 

◊ Gid Jeneral Sou Koman Pou Nouri Bebe A ◊ Chwa Pou Nitrisyon (Evite Manje Ki Di) ◊ Poko Ba Li Manje Ki Solid ◊ Gid Sou Kijan Yo Bay Tete ◊ Sipleman Ak Medikaman ◊ Gid Sou Reset Manje Tou Prepare 

  • Bay ti bebe an tete sèlman pou anviwon 6 premye mwa yo pèmèt li genyen nitrisyon ideal la
  • Li rekòmande pa kouri bay bebe resèt manje ki tou prepare pou nourison ki gen anpil fè 
  • Poko ba li manje ki solid, ki di toutotan bebe a pa gen 6 mwa.
  • Si wap bay bebe a tete:
    • Rekonèt lè gen kwasans ak devlopman
    • Bay bebe an vitamin D (400 IU per day)    
    • Ou ka kòmanse bay bebe an manje ki gen fè
    • Diskite kijan lèt lan soti/ kijan ou konsève lèt ki soti nan tete ou
    • Bay rapò sou nenpòt medikaman/ sipleman/ vitamin
  • Si wap prepare manje ak reset:
    • Prepare/ konseve reset la byen
    • 8 a 12 fwa nan 24 è de tan; 30 a 32 oz o total
    • Pa twò kenben bebe an dwat nan pozisyon vètikal
    • Pa ezite kontakte WIC

Sekirite

◊ Sièj De Sekirite Nan Machin ◊ Domi An Sekirite/ Pè ◊ Anviwonman Sen Nan Kay La ◊

  • Sièj nan machin
    • Itilize sièj de sekirite ki bay fas a chèz dèyè nan machin nan.
    • Pa janm mete ti bebe an nan sièj avan nan yon machin ki gen air bag pou pasajè
    • Kite tibebe a nan sièj de sekirite machin nan pandan tout dire vwayaj la.
  • Itilize senti de sekirite an; pa kondi siw sot bwè alkòl oubyen sot pran dwòg.
  • Mete ti bebe a domi sou do; chwazi yon bèso ak planch ki mwen pase 2 ¾ de diferans; pa itlize bagay ki glise oubyen ki dous pou w fè kabann pou bebe an; mete bebe a dòmi nan chanm ou oubyen nan bèso li.
  • Evite risk pou ta boule pandan ou kenbe bebe an (bwè likid ki cho, kwizine, repase rad, fimen)
  • Kenben tanperati dlo pou kay a mwen ke 120°F.
  • Pa kite bebe an pou kont li nan:
    • Baignoir la
    • Kote ki wo (pandan wap chanje tab, kabann, sofa yo) 
    • Pase men ou sou bebe an (touché li pou wè sa li genyen)
  • Kite objè ki piti, sachè an plastic lwen bebe a. Evite mache pou bèl plezi ak timoun nan oubyen mache yon long distans avèk li.

Objektif pou konsiltasyon 4 MWA

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment