Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon timoun 16 ZAN?

SIVEYANS DEVLOPMAN

  • Fòme relasyonpou pran
  • swen ak sipòte
  • Angaje li nan sans ki pozi
  • tif nan kominote a
  • Angaje li nan kompòtman 
  • mennen yon vi an sante 
  • Demontre konpetans
    • Fizik
    • Mantal
    • Emosyonѐl
    • Sosyal
    • Moral
  • Montre konpasyon ak anpati
  • Montre rezilyans pandan strѐs lavi

SANTE KONPÒTMAN

  • SIKOSOYAL
  • Tѐs deresyon
    TABAK,ALKÒL OUBYEN  EVALYASYON ITILIZASYON DWÒG*

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Enteval
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak Pwa
    • Endeks Mas Pwa
    • Presyon San
    • TЀS SANS YO
    • Vizyon*
    • Tande*
  • SANTE ORAL*
    • 1Sipleman Fluorid*
  • PWOSEDI YO
    • Anemi
    • Tibèkiloz*
    • Dislipidemi
    • Enfeksyon moun pran nan fè sèks*
    • VIH*

Vaksinasyon

  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKOMANDE POU DEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Epatit A (HepA)
    • Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik(PCV13)
    • Menengokòk B
    • Tetanòs,difteri & Koklich aselilѐ (DTaP:<7an)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Epatit B (HepB)
    • Epatit A (HepA)
    • Poliovirus Inaktif (IPV)
    • Lawoujòl,malmouton,ribeyòl(MMR)
    • Varisѐl (VAR)
    • Difteri,tetanòs, Koklich aselilè  (DTaP: <7 an)
    • Papilomaviris Imen (HPV)

1. Fè  tès dapre  //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa  anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Tès ak odyometri ant 6,000 ak 8,000 Hz frekans maksimal, yon fwa pou timoun ant 11 ak 14 ane, yon fwa ant pou timoun 15 ak 17 ane, ak yon fwa pou timoun ant 18 ak 21 ane. Gade //www.jahonline.org/article/S1054-139X(16)00048-3/fulltext
5. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. 
6. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.
7. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun. //redbook.solutions.aap.org/SS/Immunization_Schedules.aspx.
8. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
9. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.
See //www.nhlbi.nih.gov/guidelines/cvd_ped/index.htm
10. Adolesan yo ta dwe tès fè tès depistaj kont enfeksyon seksyèlman transmisib (MST) pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl nan Liv Wouj AAP a: Rapò Komite a sou maladi enfeksyon.
11. Moun ki gen plis risk pou enfeksyon VIH, tankou moun ki seksyèlman aktif, ki patisipe nan pran dwòg piki, oswa yo teste pou lòt MST, yo ta dwe fè tès pou VIH epi revize l chak ane. //www.uspreventiveservicestaskforce.org/uspstf/uspshivi.htm
12. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626

Gid antisipasyon pou timoun 16 ZAN

Detèminan sosyal pou lasante 

 Risk Yo (Vyolans Entèpèsonèl, Kondisyon Lavi Ak Sekirite Alimantè, Itlizasyon Sibstans Nan Fanmi) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo (Jan Li Rete Konekte Ak Fanmi An Ak Lòt Timoun Parèy Li, Jan Li Rete Konekte Ak Kominote A, Pèfòmans Nan Lekòl, Fè Fas Ak Strès Epi Pran Desizyon)

  • Aprann jere konfli san vyolans; deplase si sa nesesè. Evite sitiyasyon ki gen risk yo. Rele pou mande èd si bagay yo vin danjere.
  • Lè yap koze avè w oubyen lè w nan sitiyasyon seksyèl, non vle se NON. Lèw di Non, sa sifi. 
  • Anseye timoun nan teknik pou li rezoud konfli – san fè vyolans. Diskite sekirite pou entènèt. 
  • Pale m de kondisyon wap viv.
  • Ajans kominotè yo ka ede nan bagay ki gen rapò ak kondisyon w’ap viv. 
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte? 
  • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konsènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize ni tabak ni sigarèt eletronik yo; pale avèk mwen si ou enkyetew sou jan manmnan fanmi an itilize dwòg/ alkòl.
  • Pase tan ak fanmi ou; travay avèk yo pou rezoud pwoblèm yo.
  • Fè ak Kenbe zanmi se yon abilite nan lavi ki enpòtan.
  • Pase tan avèk/ felisite/ fòk montre afeksyon a adolesan an; dakò sou limit yo, konsekans; konnen kibò li menm ak zanmi l yo ye; ba li opòtinite pou lip ran pwòp desizyon li.
  • Ede adolesan  enterese l ak nouvo aktivite; ogmante konesans li sou kesyon pwoblèm/ bezwen kominote yo
  • Pran responsabilite pou lekòl la; obligasyon travay yo.
  • Jwenn fason pou fè fas a strès; pale avèk paran w/ granmoun ou fè konfyans
  • Enplike pitit ou nan desizyon fanmi an ap pran; ankouraje li pou li reflechi sou  pwoblèm.

Lasante fizik ak pwomosyon pou lasante 

◊ Sante Pou Bouch ◊ Imaj Kò A ◊ Manje Ki Bon Pou Sante A ◊ Akitivite Fizik Ak Somèy

  • Bwose dan li 2 fwa pa jou; itilize fil dantè yon fwa.
  • Kontinye al kay dantis avèk li; ba li fluorid si dantis la rekòmande sa.
  • Chèche konbinezon manje / aktivite fizik ki bon pou sante ki pral kenbe kò ou solid ak an santé.
  • Manje lè ou grangou/ sispann manje lè ou satisfè
  • Manje dejene; manje legim/ fwi/ sereyal/ pwoteyin pou mèg; konsome 24 oz ou plis rejim alimantè ki gen fèb grès /san grès/ lòt rejim alimantè chak jou.
  • Limite manje ak bwason ki gen anpil sik/ anpil grès/ grenn ki rafine ak sa ki fèb nitriman.
  • Bwè dlo.
  • Fòk ou aktif fizikman souvan pandan jounen an.
  • Itilize bon jan ekipman sekirite pandan espò.
  • Dòmi ase.
  • Sipòte bon jan imaj ki bon pou sante li pandan wap felisite l pou aktivite yo/ sa li reyisi, men pa pou aparans.
  • Sipòte bon jan gwosè/ pwa nòmal epi ede pitit ou a chwazi manje sa ki bon pou santé li (ba li manje k bon pou sante li, manje ansanm ak fanmi an, fòk ou se yon bon modèl)

Byenèt emosyonèl 

◊ Regleman Atitid/ Tanperaman ◊ Sante Mantal ◊ Seksyalite

  • Eske w konn santi w annwiye, tris, oubyen an kòlè tout tan? Eske ou konn santi w telman tris kew menm swete pou w pat vivan oubyen pou w mouri?
    • Rekonèt moman difisil yo vini e ale; pale ak paran / granmoun ou fè konfyans.
  • Pale ak mwen sou pwoblèm ki gen rapò ak byennèt emosyonèl/ sante mantal adolesan w lan.
  • Eske ou te pale ak paran ou yo sou rankont ak relasyon sou sèks. Eske ou atire seksyèlman avèk gason, fi, oswa toulède? Eske ou pa gen kesyon oswa enkyetid sou idantite seksyèl ou, sa ki vle di idantite ou kòm yon gason oswa fi?
    • Jwenn bon jan enfòmasyon sou devlopman fizik ak sou seksyalite epi santiman sekyèl anvè sèks opoze a, oubyen menm sèks; pale avèk mwen/ paran w/ granmoun ou fè konfyans.  
  • Kominike souvan; pataje atant ou yo klèman.
  • Si ou gen kesyon sou devlopman adolesans lan, oryantasyon seksyèl, oubyen idantite seksyèl.

Diminye Risk

◊ Gwosès Ak Enfeksyon Ki Kapab Transmèt Nan Fè Sèks ◊ Tabak ◊ Sigarèt Elektronik ◊ Alkòl ◊ Preskripsyon Medikaman Oubyen Dwòg Yo Vann Nan Lari ◊ Troma Akoustik

  • Kisa w panse sou fimen/ rale vapè; bwè, itilize dwòg?
  • Si yo ofri w déjà ; Kijan w te jere sa? Si yo poko janm ofriw ; Kijan w tap jere sa?
    • Pa fimen/ pa rale vapè, pa bwè alkòl oubyen itilize dwòg ; evite sitiyasyon kote ki gen dwòg/ alkòl ; pa pataje medikaman paw oubyen preskripsyon medikaman lòt moun; sipòte zanmi ki pa itilize yo;  pale avèk mwen si ou gen sousi sou pwòp itilizasyon w oubyen itilizasyon manm nan fanmi w.
  • Pale ak pitit ou a de tabak/ alkòl/ dwòg;konnen zanmi adolesan w yo epi aktivite yo; diskite  règ ak atant ou yo  klèman ; felisite li poutèt li pa itilize yo; fòk ou se bon model; klete kabinè ki gen likè; sere preskripsyon medikaman yo nan yon kote ki klete.
  • Pa fè sèks ak penetrasyon tankou seks oral, se meyè fason pou w evite trape gwosès ak anpil lòt maladi STI. Planifye kijan w ka evite sèks, sitiyasyon riske yo.
  • Eske ou nan yon relasyon romantik? Eske okenn nan kontak ou yo pa nan relasyon seksyèl? Eske yo pa janm manyen yon fason ki fè santi w pa alèz? Eske yo janm ba w presyon pou w fè yon bagay seksyèl? Si w aktif seksyèlman, patnè w yo se mal ou byen femèl, oubyen eske w te konn fè bagay ak ni male ni femèl? Eske patnè ou yo te pi piti pase w, pi gran ou menm laj avè w? eske ou te gen sèks nan bouboun? Sèks nan bouda? Eske w te konn sèvi avèk kontwòl nesans nan plas ou ansanm ak kondòm? Eske konnen sa yo rele ijans pou kontrasepsyon ?
    • Si ou ou konn fè sèks déjà, pwoteje tèt ou kont maladi moun pran nan fè bagay/ gwosès pandan ke wap itilize  kòrèkteman / toujou kontrasepsyon revèsib ki dire lontan, tankou esterilè / enplan kontraseptif, oswa  sèvi avèk grenn planin. Sèvi ak yon kapòt.
  • Kòman ou konte ede adolesan ou an fè fas ak presyon/ dezi pou fè seks? Eske ou konnen ki bò adolesan ye epi kisa li konn fè aprè kou e nan fen semèn yo ? Ki sa ou konn diskite sou kesyon alkòl, dwòg ?
    • Ede adolesan an elabore yon plan pou li reziste ak presyon/ dezi yo; ede li pandan lap  aksepte responsabilite pou desizyon li yo ak relasyon li yo.
  • Mete pwoteksyon zòrèy lè ou ekspoze ak gwo bri (konsè, Koupe gazon). Kenbe volim oreyèt la nòmal.

Sekirite  

◊ Senti Sekirite Pou Syèj ◊ Itilizasyon Kas ◊ Kondi ◊ Pwoteksyon Pou Solèy ◊ Sekirite Pou Zam Afe

  • Mete senti sekirite pou syèj ; pa pale/ teks/ itilize aparèy mobil lè wap kondi
  • Mete kas, ekipman pou pwoteksyon, jile sovtaj.
  • Mete senti sekirite; pa pale / teks/ itilize aarèy mobil lè wap kondi
  • Itilize krèm solèy; mete chapo; evite fè twòp tan deyò lè solèy la pi cho, ant 11 zè nan maten a 3 zè nan aprè midi 
  • Eske ou konn kenbe zam afe sou ou oubyen lòt zam?
    • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l, mete minisyon yo nan yon lòt kote ki apa.

Objektif pou konsiltasyon timoun 16 ZAN

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment