Poukisa Egzamen fizik yo enpòtan!?

Devlopman Siveyans
Detekte ak anpeche reta nan devlopman ansanm ak posibilite maladi sa ap pèmèt yo trete bonè

Mezi yo
Grandi twò dousman oswa twò vit ka endike swa yon pwoblèm nitrisyonèl oswa lòt pwoblèm sante.

Tès Depistaj

– Plon
Nivo toksik plon lakòz difikilte konpòtman ak aprantisaj, anemi, kriz ak lòt pwoblèm medikal.

– Vizyon
Lè yon timoun gen  pwoblèm vizyon li ka trè difisil pou li pèfòme byen nan lekòl.

– Tansyon / tansyon wo
Diminye tansyon pandan anfans ak adolesans yon timoun redwi  risk pou fè maladi kè ak mouri akòk kè nan laj majè li

– Sante nan bouch
Yon selan dantè oswa yon fliyò topikal enpòtan anpil pou anpeche dan pouri

Vaksinasyon
Kenbe w pou w pa genyen epi gaye maladi tankou lawoujòl oswa polyo, ki lakòz chanjman nan lavi w oswa lanmò.

Evalyasyon konpòtman
Pwoblèm sante mantal afekte apeprè 1 sou 10 timoun ak jèn moun; yo enkli depresyon, enkyetid ak twoub konduit.

Konseye antisipasyon
Yon pati enpòtan nan swen pedyatrik e ki konn diminye enkyetid moun kap bay swen ak vizit ijan nan ER.

Jwenn aksè ak resous kominote a
Èske w gen aksè ak resous tankou bank manje, abri, ekspè sante mantal oswa konpòtman ect.

Kisa nou ka espere pandan yon egzamen fizik yon timoun 13 ZAN?

SIVEYANS DEVLOPMAN

  • Fòme relasyonpou pran
  • swen ak sipòte
  • Angaje li nan sans ki pozi
  • tif nan kominote a
  • Angaje li nan kompòtman 
  • mennen yon vi an sante 
  • Demontre konpetans
    • Fizik
    • Mantal
    • Emosyonѐl
    • Sosyal
    • Moral
  • Afiche konpasyon ak anpati
  • Montre rezilyans pandan strѐs lavi

SANTE KONPÒTMAN

  • SIKOOSOSYAL
  • TЀS DEPRESYEN
  • TABAK,ALKÒL OUBYEN  EVALYASYON ITILIZASYON DWÒG*

EGZAMEN FIZIK

  • ISTWA
    • Kòmansman/Enteval
  • MEZI
    • Longè/Wotè ak Pwa
    • Endeks Mas Pwa
    • Presyon San
  • TЀS SANS YO
    • Vizyon*
    • Tande*
    • 11 Zan ?? 14 Zan
  • SANTE ORAL*
    • Sipleman Fluorid*
  • PWOSEDI YO
    • Anemi
    • Tibèkiloz*
    • Dislipidemi
    • 9 Zan-11 Zaxn
    • Enfeksyon moun pran nan fè sèks*
    • VIH

VAKSINASYON

  • VAKSINASYON ANYЀL
    • Vaksen Influenza (IIV)
  • LAJ KI REKOMANDE POU DEK GWOUP KI GEN GWO RISK
    • Epatit A (HepA)
    • Polisakarid Nemokosik(PPSV23)
    • Haemophilus influenza tip b (Hib)
    • Konjige nemokosik(PCV13)
    • Menengokòk B
    • Tetanòs,difteri &Kokilch aselilè  (DTaP: <7 ane)
  • LAJ KI REKÒMANDE POU LÒT VAKSEN
    • Epatit B (HepB)
    • Epatit A (HepA)
    • Poliovirus Inaktif (IPV)
    • Lawoujòl,malmouton,ribeyòl(MMR)
    • Varisѐl (VAR)
    • Tetanòs,difteri &Kokilch aselilè  (DTaP: <7 ane)
    • Papilomaviris imen (HPV)
    • Menengokòk(MenACWY-D≥9 mos;MenACWY-CRM≥2mos)

1. Fè  tès dapre  //pediatrics.aappublications.org/content/120/ Supplement_4/S164.full
2. Pran tansyon tibebe ak timoun ki gen kondisyon risk espesifik ta dwe fèt nan vizit yo anvan laj 3 zan. 7 //pediatrics.aappublications.org/content/140/3/e20171904).
3. Yo rekòmande yon tès sou akwite vizyèl nan laj 4 ak 5 ane, osi byen ke nan koperativ timoun ki gen 3 zan. Yo ka itilize tès depistaj ki baze sou enstriman pou evalye risk nan laj 12 ak 24 mwa  anplis de vizit yo de 3 zan jiska 5 ane. //pediatrics.aappublications. org / content / 137/1 / e20153596
4. Tès ak odyometri ant 6,000 ak 8,000 Hz frekans maksimal, yon fwa pou timoun ant 11 ak 14 ane, yon fwa ant pou timoun 15 ak 17 ane, ak yon fwa pou timoun ant 18 ak 21 ane. Gade //www.jahonline.org/article/S1054-139X(16)00048-3/fulltext
5. Evalyasyon sa a ta dwe santre sou fanmi epi li ka gen ladan yon evalyasyon sou sante sosyal ak emosyonèl timoun, depresyon moun kap bay swen, ak detèminan sosyal nan sante. //pediatrics.aappublications.org/content/135/2/384
6. Aprè chak vizit, li esansyèl pou fè egzamen fizik ki apwopriye ak laj. Pou tibebe, li dwe toutouni, pou gran timoun, fòk li dezabiye e byen vlope nan yon dra. Gade “Sèvi ak Chaperon pandan egzamen fizik pasyan pedyatrik la ” (//pediatrics.aappublications.org/content/127/5/991.full).
7. Sa yo ka modifye, tou depann de pwen antre nan orè ak bezwen endividyèl yo.
8. Chak vizit ta dwe yon opòtinite pou mete ajou e ranpli fòm vaksinasyon yon timoun.
9. Fè evalyasyon risk oswa tès depistaj, jan sa mande, pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl Nitrisyon pedyatrik AAP an
10. Tès yo ta dwe fèt aprè idantifikasyon kèk faktè ki gen anpil risk. Tès tibèkiloz dwe fèt daprè rekòmandasyon Komite AAP sou maladi enfeksyon.See //www.nhlbi.nih.gov/guidelines/cvd_ped/index.htm
11. Adolesan yo ta dwe tès fè tès depistaj kont enfeksyon seksyèlman transmisib (MST) pou chak rekòmandasyon nan edisyon aktyèl nan Liv Wouj AAP a: Rapò Komite a sou maladi enfeksyon.
12. Moun ki gen plis risk pou enfeksyon VIH, tankou moun ki seksyèlman aktif, ki patisipe nan pran dwòg piki, oswa yo teste pou lòt MST, yo ta dwe fè tès pou VIH epi revize l chak ane. //www.uspreventiveservicestaskforce.org/uspstf/uspshivi.htm
13. Si sous dlo prensipal la ensifizan ak fliyò, konsidere sipleman fliyò oral. // pedyatri. aappublications.org/content/134/3/626

Gid antisipasyon pou timoun 13 ZAN

Detèminan sosyal pou lasante 

◊ Risk Yo (Vyolans Entèpèsonèl, Kondisyon Lavi Ak Sekirite Alimantè, Itlizasyon Sibstans Nan Fanmi) ◊ Fòs Ak Faktè Pwoteksyon Yo (Jan Li Rete Konekte Ak Fanmi An Ak Lòt Timoun Parèy Li, Jan Li Rete Konekte Ak Kominote A, Pèfòmans Nan Lekòl, Fè Ak Strès Epi Priz Desizyon)

  • Aprann jere konfli san vyolan; mache lwen pou kite sa si sa nesesè. Pale avèk paran/ granmoun ou fè konfyans si ou santiw annwiye ?
  • Lè yap koze avè w oubyen lè w nan sitiyasyon seksyèl, non vle NON. Lèw di Non, sa sifi. 
  • Anseye timoun nan teknik pou li rezoud konfili san fè vyolans. Diskite ak li, règ sekirite pou entènèt. Eksplike l atant sou tan li pase ak zanmi/moun ki renmen l.
  • Pale m sou kondisyon w’ap viv
    • Ajans kominotè yo ka ede nan bagay ki gen rapò ak kondisyon w’ap viv.
  • Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske w konn enkyete w sizoka manje kay la ta fini avan w jwenn kòb pou achte plis?Nan dènye 12 mwa ki sot pase yo, eske manje kay la te fini epi w pat gen kòb pou achte?
    • Program tankou WIC ak SNAP disponib pou ede si w ou gen difikilte konènan kondisyon manje ou.
  • Pa itilize ni tabak ni sigarèt eletronik yo ; pale avèk mwen si ou enkyetew sou jan manmnan fanmi an itilize dwòg/ alkòl.
  • Pase tan ak fanmi ou; ede fè travay nan kay la, nan kominote a; swiv règ fanmi yo.
  • Fè ak Kenbe zanmi se yon abilite nan lavi ki enpòtan.
  • Malting and keeping friends is an important life skill.
  • Pran responsabilite pou travay lekòl;  pale ak paran/ granmoun ou fè konfyans sou problem ou rankontre nan lekòl la; pouswiv enterè w andeyò de lekòl.
  • Enplike pitit ou nan desizyon fanmi an ap pran; ankouraje li pou li panse ak pwoblèm.

Kwasans fizik ak devlopman 

◊ Sante Pou Bouch ◊ Imaj Kò A ◊ Manje Ki Bon Pou Sante A ◊ Akitivite Fizik Ak Somèy

  • Antisipe nouvo konpòtman adolesan,enpòtans timoun parèy li yo.
  • Bwose dan li 2 fwa pa jou; itilize fil dantè yon fwa.
  • Kontinye al kay danti avèk li; ba li medikaman ki gen fluorid si dantis la rekòmande sa.
  • Sipòte bon jan imaj ki bon pou sante li pandan wap felisite l pou aktivite yo/ sa li reyisi, men pa pou aparans.
  • Ba li medikaman ki gen fluorid si dantis la rekòmande sa.
  • Manje lè ou grangou/ sispann manje lè ou satisfè
  • Manje dejene; manje legim/ fwi/ sereyal/ pwoteyin pou mèg; konsome 24 oz ou plis rejim alimantè ki gen fèb grès /san grès/ lòt rejim alimantè chak jou.
  • Limite manje ak bwason ki gen anpil sik/ anpil grès/ grenn ki rafine ak sa ki fèb nitriman.
  • Bwè dlo.
  • Sipòte bon jan gwosè/ pwa nòmal epi ede pitit ou a chwazi manje sa ki bon pou santé li (ba li manje k bon pou sante li, manje ansanm ak fanmi an, fòk ou se yon bon modèl)
  • Fòk ou aktif fizikman souvan pandan jounen an.
  • Itilize bon jan ekipman sekirite pandan espò.
  • Anvizaje kreye yon plan pou fanmi an  itilize medya yo (www.healthychildren.org/MediaUsePlan) sa ki kapab ede ekililbre bezwen timoun nan sou kesyon aktivite fizik, somèy, lekòl, epi tan lib; deside sou règ pou lè pou l itilize medya yo nan tan ki rete lib aprè tout lòt akivite yo; pran an kont kantite, kalite ak anplasman lap itilize medya yo.
  • Dòmi ase.

Byenèt emosyonèl 

◊ Prezans Nan Lekòl ◊ Pwoblèm Nan Lekòl (Konpòtman Oubyen Sou Kesyon Aprantisaj) ◊ Pèfòmans Ak Pwogrè Nan Lekòl ◊ Tranzisyon Yo ◊ Koensidans Lekòl Segondè (1e Sik) ◊ Trazisyon Stad Pibète Yo

  • Jwenn fason pou konbat strès.
  • Eske ou gen sousi sou kesyon sante  emosyonèl timoun nan?
    • Dim sousi ou yo sou konpòtman pitit ou a, tanperaman, santé mantal, oubyen itilizasyon sibstans?
  • Eske w konn santi w annwiye, tris, oubyen an kòlè tout tan? Eske ou konn santi w telman tris kew menm swete pou w pat vivan oubyen pou w mouri?
    • Rekonèt ke tan difisil yo vini epi ale; pale avèk paran yo/ granmoun ou fè konfyans.
  • Eske ou konnen oubyen poze tèt ou kesyon sou  kiyès ki ta ka atire w romantikman oubyen seksyèlman? Eske ou ta renmen gen plis enfòmasyon sou pibète ak chanjman emosyonèl?
    • Genyen bon jan enfòmasyon sou devlopman fizik, seksyalite ak santiman seksyèl envè sèks opoze a ou byen menm sèks; pale avèk mwen/ paran w yo/ granmoun ke w fè konfyans.
  • Pale ak pitit ou a sou chanjman fizik yo ki rive pandan pibète,  epi manstriyasyon pou tifi yo.
  • Si ou gen kesyon sou devlopman seksyèl pou adolesan, oryantasyon seksyèl, oubyen idantite sèksyèl, mande m.

Rediksyon 

◊ Gwosès ◊ Enfeksyon Ki Kapab Transmèt Nan Fè Sèks ◊ Tabak ◊ Sigarèt Elektronik ◊ Alkòl ◊ Preskripsyon Medikaman Oubyen Dwòg Yo Vann Nan Lari ◊ Troma Akoustik

  • Kisa w panse sou fimen/ rale vapè; bwè, itilize dwòg? Si yo ofri w déjà ; Kijan w te sipòte sa? Si yo poko janm ofriw; Kijan w tap sipòte sa?
    • Pa fimen/ pa rale vapè, pa bwè alkòl oubyen itilize dwòg; evite sitiyasyon kote ki gen dwòg/ alkòl; pa pataje medikaman paw oubyen preskripsyon medikaman lòt moun; sipòte zanmi ki pa itilize yo; pale avèk mwen si ou gen sousi sou pwòp itilizasyon w oubyen itilizasyon manm nan fanmi w.
  • Eske ou sipèvize regilyèman aktivite sosyal ak rekreyasyon pitit ou a?
  • Kisa ou menm ak timoun nan diskite sou risk itilizasyon alkòl/ tabak, ak dwòg?
  • Pale ak pitit ou a de tabak/ alkòl/ dwòg; felisite li poutèt li pa itilize yo; fòk ou se yon bon modèl.
  • Pi bon fason pou anpeche gwos`es ak enfeksyon moun pran nan fè sèks se ba fè sèks di tou, ni sèks yo fè nan bouch.
  • Eske sa rive ke ou te nan yon relasyon amoure déjà? Eske pa gen nan relasyon ou yo ki te gen rapò seksyèl? Eske sa rive ke yo manyen w nan yon fason ki fèw santi w mal alèz? Eske sa rive ke yo fòse w fè yon bagay ki gen rapò ak sèks? Si adolesan konn fè fèks: Eske patnè ou yo se gason oubyen fi oubyen eske ou te kòm patnè gason ak fi ? Eske patnè ou yo te pi piti, pi gran oubyen te nan menm laj avèw? Eske w te konn fè sèks  yo fè nan bouch ? Sèks yo fè nan vajen ? Sèks yo fè nan dèyè ? Eske ou itilize lòt mwayen pou w pa fè pitit olye ou itilize kapòt oubyen ou itilize kapòt an menm tan?
    • Planifye kijan pou evite sitiyasyon ki gen risk; si ou ou konn fè sèks déjà, pwoteje tèt ou kont maladi moun pran nan fè bagay/ gwosès.
  • Konnen zanmi timoun ou yo ak aktivite l yo; diskite  règ ak atant ou yo  klèman
  • Kijan ou konte ede pitit ou an jere presyon/anvi pou li fè sèks?
    • Pale sou relasyon, sèks, vale; ankouraje abstinans seksyèl; ba li opòtinite pou li fè aktivite li yo an sekirite.
  • Mete pwoteksyon pou tande lè ou ekspoze a bri (konsè, Koupe gazon). Kenbe volim oreyèt la modere.

Sekirite

◊ Senti Sekirite Pou Syèj ◊ Itilizasyon Kas ◊ Pwoteksyon Pou Solèy ◊ Itilizasyon Sibstans ◊ Monte Yon Veyikil ◊ Sekirite Pou Zam Afe

  • Mete senti sekirite pou syèj, kas, ekipman pou pwoteksyon, jile sovtaj  
  • Mete senti pou syèj; pa otorize li kondi velocross / moto mòn(ATV)
  • Itilize krèm solèy; mete chapo; evite fè twòp tan nan lè solèy la pi cho, ant 11 zè na maten a 3 zè na aprè midi.
  • Eske ou gen yonn moun ou ka rele pou vin chèche w nan machin si ou santi ou pa an sekirite ak  you yon moun kap kondiw?
  • Pa monte nan machin yon moun ki tap itilize alkòl/ dwòg; rele paran ou yo/ granmoun ou fè konfyans pou èd.
  • Ede jèn nan fè yon plan pou li ka sipòte sitiyasyon kote li santi l pa an sekirite pandan li nan yon machin.
  • Eske ou konn kenbe zam afe sou ou oubyen lòt zam?
    • Retire zam ki lakay ou; si zam nan nesesè, mete l tou dechaje nan amwa epi fèmen l, mete minisyon yo nan yon lòt kote ki apa.

Objektif pou konsiltasyon timoun 13 ZAN

◌ Genyen douse ak pasyans ◌ Domi plis ◌ Fè yon bidjè ◌ Kite tout travay ou nan biro a ◌ Fokalize w sou pran swen tèt ou ◌ Medite ak tout fanmi an ◌ Jwenn yon jan pou degaje emosyon ou  ◌ Yon espas kote moun pa itilize telefòn ◌ Pase plis tan ak patenè ou ◌ Benyen plis ◌ Õganize yon nuit pou tifi/ti gason ◌ Fòk ou pi fleksib ◌ Wè ak timoun lan pou moun  li ye a ◌ Anseye timoun ou an pou li pale fò ◌ Ede sa ki pa kapab yo ◌ Bwè plis dlo ◌ Konsakre 30 minit nan jounen pou okipe zafè pèsonèl ou ◌ Bay tèt ou defi ◌ Fokalizew sou ekspreyans, e non pa bagay yo ◌ Bay lasante priyorite ◌ Kòmanse oubyen fini pa dekroche yon diplòm ◌ Enfòmw tèt ou ◌ Kenbe ekilib ◌ Ri souvan ◌ Prepare dine  pi plis ◌  Mande èd  ◌ Chwazi jou  pou fè jwèt “fwod” ◌ Sispann pè rate yon bagay ◌ Di “ mwen renmen w “ pi souvan.

Leave a comment